Allah ki Beni e ki Egzalte a ap di moun Paradi yo: «O nou menm moun Paradi a!» Lè sa a, yap reponn: «Men nou, Mèt nou, nou la pou sèviw ak tout kè nou!» Lap di: «Èske nou satisfè?» Yap reponn: «Pouki rezon pou nou pa ta satisfè alòske ou ban nou saw pa te bay pyès moun nan kreyasyon ou an?»
Daprè Abou Sa'id al-Khoudri (ke Allah satisfè de li), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Anverite, Allah (ki Beni epi ki Egzalte) ap di abitan Paradi yo: "O abitan Paradi yo!" Yap reponn: "Men nou prezan, Seyè nou, nou devwe nèt nan sèvis Ou." Lap di: "Èske nou satisfè?" Yap reponn: "Poukisa pou nou pa ta satisfè alòske Ou ban nou sa Ou pa bay okenn nan kreyati Ou yo?" Lap di: "Map ban nou sa ki pi bon pase sa." Yo pral di: "O Seyè nou, epi kisa ki ka pi bon pase sa?" Lap di: "Mwen desann satisfaksyon Mwen sou nou, epi Mwen pap janm an kòlè kont nou ankò aprèsa pou toutan."»
«إِنَّ اللَّهَ تَبَارَكَ وَتَعَالَى يَقُولُ لِأَهْلِ الجَنَّةِ: يَا أَهْلَ الجَنَّةِ؟ فَيَقُولُونَ: لَبَّيْكَ رَبَّنَا وَسَعْدَيْكَ، فَيَقُولُ: هَلْ رَضِيتُمْ؟ فَيَقُولُونَ: وَمَا لَنَا لاَ نَرْضَى وَقَدْ أَعْطَيْتَنَا مَا لَمْ تُعْطِ أَحَدًا مِنْ خَلْقِكَ؟ فَيَقُولُ: أَنَا أُعْطِيكُمْ أَفْضَلَ مِنْ ذَلِكَ، قَالُوا: يَا رَبِّ، وَأَيُّ شَيْءٍ أَفْضَلُ مِنْ ذَلِكَ؟ فَيَقُولُ: أُحِلُّ عَلَيْكُمْ رِضْوَانِي، فَلاَ أَسْخَطُ عَلَيْكُمْ بَعْدَهُ أَبَدًا».
Pwofèt la,( lapè ak benediksyon Allah sou li), te fè konnen ke Allah ki Trèwo a di moun ki nan Paradi yo pandan yo ladan li: O moun ki nan Paradi yo, epi yo reponn Li, yo di: Men nou nan sèvis ou, Seyè nou, epi nou sou lòd ou, Epi Li di yo: Èske nou satisfè? Epi yap di: Wi, nou satisfè; epi poukisa nou pa ta satisfè alòske Ou ban nou sa Ou pa bay pèsonn nan kreyati Ou yo! Epi Li menm ki Egzalte a ap di: Èske Mwen pa ta dwe ba nou sa ki pi bon pase sa? Yo te di: O Seyè, e kisa ki pi bon pase sa?! Epi Li di: Mwen akòde nou satisfaksyon Mwen pou toutan; epi Mwen pap janm ankòlè kont nou ankò aprèsa.
Pawòl Allah, ki gen tout pouvwa ak tout grandè a, avèk moun ki nan Paradi a.
Bòn nouvèl ki soti nan Allah pou abitan Paradi yo pou fè yo konnen Li satisfè avèk yo, kote Li fè gwo satisfaksyon Li desann sou yo, epi Li pap janm ankòlè kont yo pou toutan.
Satisfaksyon tout moun ki nan Paradi a ak sitiyasyon yo, malgre diferans nan pozisyon yo ak divèsite nan degre yo; paske yo tout te reponn ak yon sèl pawòl, ki se: "Ou ban nou sa Ou pa bay okenn nan kreyati Ou yo."
Sahih Al-Bukhari (8/ 114) (6549).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2176) (2829).
Plis (6)
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين.
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
مجموعة من الباحثين (2/ 1293).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (3/ 348).