Pwofèt la (ke Allah beni li epi ba li kè poze) pa te konnen ki lè yon Sourate fini (pou yon lòt kòmanse), jiskaske "Bismillahi-r-Rahmani-r-Rahim" te desann sou li.
Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:
Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) pat konnen ki kote yon Sourat separe ak yon lòt, jiskaske sa te desann sou li: {Nan non Allah ki gen tout mizerikòd la, Allah ki fè tout moun gras la}.
كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَليهِ وَسَلَّمَ لا يَعْرِفُ فَصْلَ السُّورةِ حَتَّى تَنْزِلَ عَليْهِ {بِسْمِ اللَّهِ الرَّحْمَنِ الرَّحِيمِ}.
Ibn Abbas, ke Allah agreye yo tou 2, rakonte ke sourat Koran ki Sen an te konn desann sou Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) epi li pat konnen separasyon yo ak lafen yo, jiskaske yo te fè desann sou li : 'Nan non Allah ki gen anpil mizèrikòd, ki gen anpil konpasyon' (Bismillah), konsa li te konnen sourat ki te anvan an te fini, epi li se kòmansman yon nouvo sourat.
...:
Yo sèvi ak "Basmala" (Bismillahi-r-Rahmani-r-Rahim) pou separe chapit (Sourat) yo youn ak lòt, eksepte ant Sourate Al-Anfal ak Sourate At-Tawbah.
Sounna Abou Dawoud (2/ 91) (788).
Plis (3)
شرح سنن أبي داود للعباد (102/ 15).
التنوير شرح الجامع الصغير (8/503).
عون المعبود (2/353).