Skip to content

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè woudou kote li lave chak manm yon sèl fwa.

Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di:

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè woudou kote li lave chak manm yon sèl fwa.

تَوَضَّأَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مَرَّةً مَرَّةً.

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Gen pafwa, lè Pwofèt la (Sallallahu Alayhi Wa Sallam) te konn fè woudou, li te lave chak pati nan kò a ki dwe lave nan woudou a yon sèl fwa; konsa li lave figi a -sa ki gen ladan li rense bouch la ak rale dlo nan nen an-, ak 2 men yo ak 2 pye yo yon sèl fwa, epi sa a se kantite ki obligatwa a (Farz).

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Sa ki obligatwa nan lave chak pati nan kò a se yon sèl fwa, epi sa ki anplis la li rekòmande (se yon Sounna).

Pèmisyon pou fè ablisyon an (Woudou) yon fwa, yon fwa detanzantan.

Sa ki preskri pou pase men mouye sou tèt la se fè sa yon sèl fwa.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 43) (157).

Plis (1)

إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري (1/ 244).