Skip to content

Sa wap di a ak sa wap rele moun vini ladan li an vrèman bèl! Si sèlman ou ta ka fè nou konnen si gen yon fason pou efase ak rekonpanse pou sa nou te konn fè nan tan pase yo.

Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2):

Gen yon gwoup moun nan mitan kwayan nan fo dye yo (Ahl al-Shirk) ki te konn touye moun epi yo te fè sa anpil, yo te konn fè adiltè (fònikasyon) epi yo te fè sa anpil. Yo te vin jwenn Muhammad (pè ak benediksyon Allah pou li) epi yo dil: 'Sa wap di a ak sa wap rele moun vini ladan li an vrèman bèl! Si sèlman ou ta ka fè nou konnen si gen yon fason pou efase epi rekonpanse pou sa nou te konn fè yo.' Lè sa a, vèsè sa a te desann: {Epi moun sa yo ki pa adore okenn lòt dye ansanm ak Allah, ki pa touye moun Allah fè entèdiksyon pou yo touye a—eksepte si gen yon dwa legal pou sa—epi ki pa fè adiltè...} [Sourat Al-Furqan: 68]. Epi vèsè sa a te desann tou: {Di yo: 'O sèvitèm yo ki te fè abi sou tèt yo (nan fè peche)! Pa janm pèdi espwa nan mizerikòd ak jantiyès Allah...'} [Sourat Az-Zumar: 53]."

أَنَّ نَاسًا مِنْ أَهْلِ الشِّرْكِ، كَانُوا قَدْ قَتَلُوا وَأَكْثَرُوا، وَزَنَوْا وَأَكْثَرُوا، فَأَتَوْا مُحَمَّدًا صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَقَالُوا: إِنَّ الَّذِي تَقُولُ وَتَدْعُو إِلَيْهِ لَحَسَنٌ، لَوْ تُخْبِرُنَا أَنَّ لِمَا عَمِلْنَا كَفَّارَةً، فَنَزَلَ {وَالَّذِينَ لا يَدْعُونَ مَعَ اللهِ إِلَهًا آخَرَ وَلا يَقْتُلُونَ النَّفْسَ الَّتِي حَرَّمَ اللهُ إِلا بِالْحَقِّ وَلا يَزْنُونَ}[الفرقان: 68]، وَنَزَلَت: {قُلْ يَا عِبَادِيَ الَّذِينَ أَسْرَفُوا عَلَى أَنْفُسِهِمْ لا تَقْنَطُوا مِنْ رَحْمَةِ اللهِ} [الزمر: 53].

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Kèk mesye nan pami moun ki te konn mete lòt bagay ak Allah yo te vin bò kot Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li); yo te konn touye anpil moun epi yo te konn fè anpil adiltè ak vye bagay sal. Yo di Pwofèt la: "Vrèman, sa wap rele nou pou li a nan Islam ak ansèyman li yo se yon bon bagay. Men, sitiyasyon nou menm ak sa nou te tonbe ladan li yo nan mete lòt bagay ak Allah ansanm ak gwo peche yo, èske gen yon mwayen pou efase yo?" Epi 2 vèsè yo te desann, kote Allah te aksepte repantans nan men moun yo malgre anpil gwo peche yo te fè. Si se pat sa, yo tap kontinye nan Mekreyans yo ak rebelyon yo, epi yo patap antre nan relijyon sa a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Merit Islam nan ak grandè li, epi lefètke li efase tout peche ki te fèt anvan li.

Lajè mizèrikòd (pitye) Allah pou sèvitè Li yo, ansanm ak padon Li ak gras Li.

Entèdiksyon asosye lòt bagay ak Allah (Chirk), entèdiksyon pran lavi moun san okenn dwa, entèdiksyon fè adiltè (Zina), ak menas pinisyon pou moun ki komèt peche sa yo.

Repantans sensè ki akonpaye ak senserite ak bon aksyon efase tout gwo peche yo, sa gen ladan li mekreyans nan Allah ki gen tout pouvwa a.

Entèdiksyon (haram) pou yon moun pèdi espwa ak dezespere nan mizèrikòd Allah ki glorifye a.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 125) (4810).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 113) (122).

Plis (2)

إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري (7/ 319).

النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 808).