Skip to content

Si yon chen bwè nan veso youn nan nou, se poul lave li 7 fwa.

Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), li di: Sètènman, Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Si yon chen bwè nan veso youn nan nou, se poul lave li 7 fwa.» Epi nan Muslim: « Premye nan yo ak tè ».

«إِذَا شَرِبَ الْكَلْبُ فِي إِنَاءِ أَحَدِكُمْ فَلْيَغْسِلْهُ سَبْعًا». ولمسلم: « أولاهُنَّ بالتُراب».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay lòd pou lave veso a 7 fwa si yon chen foure lang li ladan li premye fwa a fèt ak tè pou dlo a ka vin aprèl, konsa ap gen yon netwayaj konplè kont enpite(salte ) li ak mal li.

Pami benefis Hadith la

Saliv chen se yon salte ki grav anpil.

Lè yon chen niche nan yon veso, sa sal li, epi sa sal dlo ki ladan li an.

Pirifye ak tè a epi repete sa 7 fwa a, se espesyalman pou netwaye lè li niche ladanl, men sa pa aplike pou pipi li, poupou li, ak tout lòt bagay chen an sal.

Kijan pou ou lave veso a avèk tè: Se pou ou mete dlo nan veso a epi ajoute tè ladan li, aprèsa lave veso a avèk melanj sa a.

Sans dirèk (aparans) hadit la montre li jeneral pou tout kalite chen nèt, menm chen Lalwa (relijyon an) te bay pèmisyon pou moun genyen yo, tankou chen pou lachas, chen pou gad (sekirite), ak chen pou veye bèt.

Savon ak sann lave (plant netwayaj) pa ka ranplase pousyè tè a; paske Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te mansyone aklè se pousyè tè a pou yo itilize.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 45) (172).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 234) (279).

Plis (4)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 14).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص24).