Skip to content

Mwen te yon mesye ki te konn gen anpil ekoulman madi (likid anvan spèm lan), epi mwen te wont poze Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon akòz pitit fi li a. Se konsa, mwen te òdone Al-Miqdad bin Al-Aswad poze li kesyon an. Li reponn: «Li dwe lave pati entim li, epi li pran dlo (fè ablisyon).»

Daprè Ali, (se pou Allah kontan avèk li), li te di:

Mwen te yon gason ki te konn gen anpil ekoulman (Mazi), epi mwen te wont poze Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon akòz plas pitit fi li a (kòm madanm mwen). Se konsa, mwen te òdone Al-Miqdad bin Al-Aswad, epi li te pozel kesyon an. Li reponn: «Li dwe lave pati intim l epi li pran dlo (fè ablisyon)». Epi daprè rapò Al-Bukhari a, li te di: «Pran dlo (fè ablisyon) epi lave pati entim ou».

كُنْتُ رَجُلًا مَذَّاءً وَكُنْتُ أَسْتَحْيِي أَنْ أَسْأَلَ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ لِمَكَانِ ابْنَتِهِ فَأَمَرْتُ الْمِقْدَادَ بْنَ الْأَسْوَدِ فَسَأَلَهُ فَقَالَ: «يَغْسِلُ ذَكَرَهُ وَيَتَوَضَّأُ». وَلِلبُخَاريِّ: فَقَالَ: «تَوَضَّأْ وَاغْسِلْ ذَكَرَكَ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Ali bin Abi Talib — se pou Allah kontan avèk li — te fè konnen ke souvan te gen madhi ki te konn soti nan li - ki se yon dlo blan, ki fen (lejè), ki kolan, ki soti nan pati gason an lè gen dezi seksyèl oswa anvan relasyon seksyèl -, Epi li pa te konnen kisa pou li fè ak sa ki tap soti a, konsa li te jennen mande Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .); paske li te mari Fatima, pitit fi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .), Epi li te mande Al-Miqdad bin Al-Aswad pou li poze Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou sa, Epi Pwofèt la (Ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te reponn li: pou li lave pati entim li, epi aprè sa pou li pran dlo (fè ablisyon).

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Vèti Ali bin Abi Talib, (ke Allah satisfè de li), kote timidite pat fè li evite poze kesyon an, men li te fè sa pa mwayen yon entèmedyè.

Ou gen dwa delege yon moun pou li poze yon kesyon relijye nan plas ou.

Li pèmèt pou yon moun fè konnen yon bagay sou tèt li ki fèl wont, si se pou yon bon rezon.

Salte madzi (likid ki soti lèw eksite seksyèlman) a, ak obligasyon pou lave li sou kò yon moun epi sou rad li.

Sòti madhi (likid anvan spèm lan) se youn nan bagay ki anile woudou a(ablisyon an).

Se yon devwa pou lave pati gason an ak 2 testikil yo, paske sa mansyone nan yon lòt Hadith.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 62) (269).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 247) (303).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 39).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص53).

خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.

لفيصل آل مبارك (ص29).