Skip to content

Dife mond sa a reprezante sèlman yon swasant-dizyèm pati nan entansite dife Lanfè a, yon konparezon ki souliye nati ekstrèm ak enkonsevab pinisyon diven an

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Dife nou an se yon pati nan swasanndis pati dife Lanfè a." Yo dil: "O Mesaje Allah! Si se te jis sa a, li tap sifi." Li reponn: "Li depase yo pa swasant-nèf pati, chak nan yo gen menm chalè ak li."

«نَارُكُمْ جُزْءٌ مِنْ سَبْعِينَ جُزْءًا مِنْ نَارِ جَهَنَّمَ»، قِيلَ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، إِنْ كَانَتْ لَكَافِيَةً. قَالَ: «فُضِّلَتْ عَلَيْهِنَّ بِتِسْعَةٍ وَسِتِّينَ جُزْءًا كُلُّهُنَّ مِثْلُ حَرِّهَا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen ke dife mond sa a se yon pòsyon nan 70 pòsyon nan dife Lanfè nan, Konsa, fòs chalè dife lòt mond lan depase chalè dife mond sa a ak 69 pati, kote chak pati ladan li egal ak chalè dife mond sa a. Epi yo te di: "O Mesaje Allah, vrèman dife mond sa a te sifi pou pini moun ki antre ladan li yo," Epi li di: Dife lanfè nan depase dife lavi sa a pa 69 pòsyon, epi yo tout se menm jan avè l nan entansite chalè a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Avètisman kont dife Lanfè a, pou kenbe moun yo lwen zèv ki mennen ladan li yo.

Grandè dife lanfè an ak chatiman li, ansanm ak entansite chalè li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (4/ 121) (3265).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2184) (2843).

Plis (4)

المفهم (7/178).

التوضيح (19/177).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (15/ 165).

فتح الباري لابن حجر (6/ 334).