Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

8 of 477 cards

Clear filters
« Mwen pral kanpe bò Basen an (Al-Hawd) ap gade kiyès nan nou kap vin jwenn mwen. Gen moun yo pral pran (yo pral retire yo lwen mwen), mwen pral di: "O Seyè mwen, yo soti nan mwen, yo soti nan kominotem!" Lè sa a, yap reponn mwen: "Èskew pa konnen sa yo te fè aprèw fin ale? Mwen fè sèman sou Allah, yo pat sispann retounen sou tras yo (yo te chanje relijyon yo oswa yo te vire do bay verite a)." »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Premye bagay yo pral jije ant moun yo nan Jou Jijman an, se nan zafè san.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Sètènman, Allah pa fè kwayan an enjistis pou yon bon aksyon, yap ba li rekonpans pou li sou tè a, epi lap jwenn rekonpans pou li nan lòt lavi a. Men, kanta pou moun ki pa kwè a, yap nouri li daprè bon aksyon li te fè pou Allah sou tè a, jiskaske lè li rive nan lòt lavi a, li pap gen okenn bon aksyon pou li jwenn rekonpans pou li.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki bay yon moun ki nan difikilte pou peye dèt li yon delè, oswa ki padonel dèt la, Allah ap mete li anba lonbray Twòn Li a nan Jou Jijman an, yon jou kote pap gen okenn lòt lonbray eksepte lonbray Li a.»
Sahih Se At-Tirmidhi ak Ahmad ki rapòte li
Nou te avèk Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), epi li te gade lalin nan yon lannwit - sa vle di lalin plènn nan - epi li te di: « Anverite, nou gen pou nou wè Seyè nou an menm jan nou wè lalin sa a, nou pap jwenn okenn difikilte pou nou wè Li. Kidonk, si nou kapab pou nou pa kite okenn bagay anpeche nou fè lapriyè (Salat) anvan solèy la leve ak anvan solèy la kouche, se pou nou fè sa. » Aprèsa li te li: « {Epi fè lwanj ak glwa pou Seyè ou anvan solèy la leve ak anvan solèy la kouche} »
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou lavi li, nan kisa li te pase li, ak sou konesans li, kisa li te fè ak li, ak sou byen li, ki kote li te jwenn li epi nan kisa li te depanse li, ak sou kò li, nan kisa li te itilize li».
Sahih Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
Pwofèt la di : « Èske nou konnen kiyès ki depafini an (moun ki fè fayit la) ? » Yo reponn : « Moun ki fè fayit nan mitan nou, se moun ki pa gen ni lajan (dirham) ni byen materyèl. » Li di : « Moun ki fè fayit toutbon nan kominotem nan, se moun ki va vini nan Jou Rezirèksyon an ak anpil priyè, jèn, ak zakat (lamòn); men li vini tou pandan li te joure moun sa a, li te kalonye (akize) moun sa a, li te manje lajan moun sa a, li te koule san moun sa a, epi li te bat moun sa a. Yap pran nan bon zèv li yo pou yo bay moun sa a, epi pran nan bon zèv li yo pou bay lòt moun sa a; si bon zèv li yo fini anvan li fin peye tout dèt li genyen anvè yo, yap pran nan peche moun li te fè tò yo pou jete sou dol, aprèsa yap jetel nan Lanfè. »
Sahih Rapòte pa Mouslim