Nenpòt moun ki ekipe(pare zafè) yon konbatan nan chemen Allah, se kòmsi li menm tou li te konbat; epi nenpòt moun ki pran bon swen fanmi yon konbatan kal nan chemen Allah a, se kòmsi li menm tou li te konbat.
Daprè Zayd bin Khalid (ke Allah satisfè de li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
« Nenpòt moun ki ekipe yon konbatan nan chemen Allah, an reyalite li menm tou li patisipe nan konba a; epi nenpòt moun ki pran bon swen fanmi yon konbatan nan chemen Allah pandan absans li, an reyalite li menm tou li patisipe nan konba a. »
«مَنْ جَهَّزَ غَازِيًا فِي سَبِيلِ اللَّهِ فَقَدْ غَزَا، وَمَنْ خَلَفَ غَازِيًا فِي سَبِيلِ اللَّهِ بِخَيْرٍ فَقَدْ غَزَا».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke nenpòt moun ki prepare yon konbatan nan chemen Allah, lè li ba li mwayen pou vwayaj li ak tout bagay esansyèl li bezwen tankou zam, mwayen transpò, manje, lajan pou depans, ak lòt ankò; alò, yo konsidere moun sa a menm jan ak konbatan an, epi lap resevwa menm rekonpans ak konbatan yo. Epi nenpòt moun ki pran chaj zafè konbatan an nan byen, epi li pran plas li nan pran swen fanmi li pandan absans li, moun sa a gen menm rekonpans ak konbatan an.
Ankouraje mizilman yo pou yo mete tèt yo ansanm nan fè sa ki byen
Ibn Hajar te di: « Nan hadit sa a, gen yon ankourajman pou montre bonte ak jenerozite anvè nenpòt moun ki fè yon bagay ki itil pou mizilman yo, oswa ki pran an chaj yon responsablite ki enpòtan pou yo. »
Règ jeneral la se: Moun ki ede yon moun fè yon zak obeyisans pou Allah, lap genyen menm rekonpans ak moun ki fè l a, san sa pa diminye anyen nan rekonpans li a.
Sahih Al-Bukhari (4/ 27) (2843).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1506) (1895).
Plis (12)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 267).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل آل مبارك (ص143).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (3/ 588).
لسان العرب.
لابن منظور (15/ 123).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (2/ 374).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 202).