Lè Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te benyen pou Janaba, li te lave 2 men li, epi li te pran dlo (fè ablisyon) menm jan ak woudou pou lapriyè, aprèsa li te benyen.
Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Lè Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap benyen (Ghusl) pou Janabah, li te lave 2 men li, epi li fè woudou pou li menm jan ak woudou pou lapriyè. Aprèsa , li kòmanse benyen, epi li pase men li nan cheve li, jiskaske li asire li dlo a rive byen mouye po tèt li. Aprèsa li vide dlo sou tèt li 3 fwa. Aprèsa, li lave rès kò li. Epi li te di: "Mwen menm ak Mesaje Allah la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn ap benyen sot nan yon sèl veso, epi nou te konn pran dlo ladan li ansanm."
كَانَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ إِذَا اغْتَسَلَ مِنَ الجَنَابَةِ، غَسَلَ يَدَيْهِ، وَتَوَضَّأَ وُضُوءَهُ لِلصَّلاَةِ، ثُمَّ اغْتَسَلَ، ثُمَّ يُخَلِّلُ بِيَدِهِ شَعَرَهُ، حَتَّى إِذَا ظَنَّ أَنَّهُ قَدْ أَرْوَى بَشَرَتَهُ، أَفَاضَ عَلَيْهِ المَاءَ ثَلاَثَ مَرَّاتٍ، ثُمَّ غَسَلَ سَائِرَ جَسَدِهِ، وَقَالَتْ: كُنْتُ أَغْتَسِلُ أَنَا وَرَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مِنْ إِنَاءٍ وَاحِدٍ، نَغْرِفُ مِنْهُ جَمِيعًا.
Lè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te vle benyen (fè gwo ablisyon) pou janaba, li te konn kòmanse pa lave 2 men li yo, Aprèsa, li fè woudou menm jan ak woudou pou lapriyè, aprèsa, li vide dlo sou kò li, aprèsa, li pase 2 men li nan cheve nan tèt li, jiskaske lè li asire li dlo a rive nan rasin cheve li epi li byen mouye po a, li vide dlo sou tèt li 3 fwa, aprèsa, li lave rès kò li. Epi Aicha (ke Allah satisfè de li) te di: Mwen menm ak Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn benyen nan yon sèl veso, nou te konn pran dlo ladan li ansanm.
ثُمَّ يُخَلِّلُ بِيَدَيْهِ شَعْرَهُ: التخليل هنا إدخال الأصابع المبتلة بين أجزاء الشعر.
أَنَّهُ قَدْ أَرْوَى بَشَرَتَهُ: أوصل الماء إلى أصول الشعر، والبشرة المرادة هنا: ظاهر الجلد المستور بالشعر.
Gen 2 kalite Gous (Ghusl): sa ki sifi a ak sa ki konplè a. Kanta pou Gous ki sifi a, moun nan fè entansyon pou pirifikasyon an, aprèsa li fè dlo a kouvri tout kò li nèt, ansanm ak rense bouch la epi rale dlo nan nen an. Men kanta pou Gous ki konplè a, li benyen menm jan Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te benyen nan Hadith sa a.
Eta enpwòpte a aplike pou tout moun ki ejakile, oswa ki fè relasyon seksyèl menm si li pa ejakile.
Pèmisyon pou chak mari oswa madanm gade pati entim lòt la, ak pèmisyon pou tou 2 benyen (fè gousl) nan yon sèl veso.
Sahih Al-Bukhari (1/ 63) (272.
273).
Plis (6)
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 48).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص62).
خلاصة الكلام شرح عمدة الأحكام.
لفيصل آل مبارك (ص33).
Cited in books
2 BooksPlis (2)
- مشروع منهاج زادكزادك 1 طالب(كَانَ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم إِذَا اغتَسَلَ مِنَ الجَنَابَةِ غَسَلَ يَدَيهِ وَتَوَضَّأَ وُضُوءَهُ لِلصَّلَاةِ، ثُمَّ اغتَسَلَ، ثُمَّ يُخَلِّلُ بِيَدِهِ شَعرَهُ، حَتَّى إِذَا ظَنَّ أَنَّه قَد أَروَى بَشرَتَهُ، أَفَاضَ عَلَيهِ المَ
- نبراس طالب (2)نبراس طالب (2) عن أم المؤمنين عائشة ل قالت: «كَانَ رَسُولُ اللهِ صلى الله عليه وسلم إِذَا اغتَسَلَ مِنَ الجَنَابَةِ غَسَلَ يَدَيهِ وَتَوَضَّأَ وُضُوءَهُ لِلصَّلَاةِ، ثُمَّ اغتَسَلَ، ثُمَّ يُخَلِّلُ بِيَدِهِ شَعرَهُ، حَتَّى إِذَا ظَنَّ أَنَّه قَد أَروَى بَ