Jou Jijman an pap rive toutotan tan an pa pase pi vit (kote jou, mwa ak lanne ap sanble kout).
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Lè a (Jou Jijman an) pap rive jiskaske tan an vin pi kout, konsa yon ane ap vin tankou yon mwa, epi yon mwa ap vin tankou yon semèn, epi yon semèn ap vin tankou yon jou, epi yon jou ap vin tankou yon èdtan, epi yon èdtan ap vin tankou tan li pran pou yon fèy palmis boule.
«لَا تَقُومُ السَّاعَةُ حَتَّى يَتَقَارَبَ الزَّمَانُ، فَتَكُونَ السَّنَةُ كَالشَّهْرِ، وَيَكُونَ الشَّهْرُ كَالْجُمُعَةِ، وَتَكُونَ الْجُمُعَةُ كَالْيَوْمِ، وَيَكُونَ الْيَوْمُ كَالسَّاعَةِ، وَتَكُونَ السَّاعَةُ كَاحْتِرَاقِ السَّعَفَةِ الْخُوصَةُ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè konnen ke pami siy Lè a, gen tan an kap vin pi kout, Konsa, yon ane pase menm jan yon mwa pase, Epi mwa a pase menm jan semèn nan pase, Epi Vandredi a pase menm jan jou a pase, Epi jou a ap pase menm jan yon sèl èdtan ap pase, Epi Lè a ap pase rapid anpil menm jan "As-Sa'afah" a boule, sa ki se fèy pye palmis la.
...:
Pami siy Jijman Dènye a, se lè benediksyon retire nan tan an, oswa jan lap pase vit la.
Mousnad Ahmad (16/ 550) (10943).
Plis (4)
معالم السنن (4/341).
فتح الباري (13/16).
شرح سنن أبي داود لابن رسلان (16/678).
تحفة الأحوذي (6/514).