Pitit Adan an demantim epi li pa te gen okenn dwa poul fè sa, epi li ensiltem epi li pa te gen okenn dwa poul fè sa.
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè de li):
Daprè Pwofèt la (kè poze ak benediksyon Allah sou li), li te di: «Allah di: Pitit Adan an demantim, epi li pa gen okenn dwa pou li fè sa, epi li jourem, epi li pa gen okenn dwa pou li fè sa. Kanta pou jan li demantim nan, se pawòl li lèl di: Li pap janm refèm jan Li te kòmansem nan, epi premye kreyasyon an pa pi fasil pou Mwen pase poum refè li ankò a. Epi kanta pou jan li joure m nan, se pawòl li lèl di: Allah pran yon pitit, alòske Mwen se Sila a ki Youn nan, Mèt absoli a, Mwen pa fè pitit, ni Mwen pa pitit pèsonn, epi pa gen okenn moun ki egal avèm.»
عَنِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ قَالَ: «قَالَ اللَّهُ: كَذَّبَنِي ابْنُ آدَمَ وَلَمْ يَكُنْ لَهُ ذَلِكَ، وَشَتَمَنِي وَلَمْ يَكُنْ لَهُ ذَلِكَ، فَأَمَّا تَكْذِيبُهُ إِيَّايَ فَقَوْلُهُ: لَنْ يُعِيدَنِي، كَمَا بَدَأَنِي، وَلَيْسَ أَوَّلُ الخَلْقِ بِأَهْوَنَ عَلَيَّ مِنْ إِعَادَتِهِ، وَأَمَّا شَتْمُهُ إِيَّايَ فَقَوْلُهُ: اتَّخَذَ اللَّهُ وَلَدًا وَأَنَا الأَحَدُ الصَّمَدُ، لَمْ أَلِدْ وَلَمْ أُولَدْ، وَلَمْ يَكُنْ لِي كُفْؤًا أَحَدٌ».
Pwofèt la, lapè ak benediksyon Allah sou li, eksplike nan Adis Koudsi a ke Allah, Toupwisan ak Trèwo a, fè konnen konsènan politeyis yo(moun kap bay Allah asosye yo) ak mekreyan yo ke yo demanti Li epi yo dekri Li ak enpèfeksyon ansanm ak defo, alòske yo pa te gen okenn dwa pou yo fè sa. Kanta pou lefètke yo demanti Allah a: se pretansyon yo genyen kòmkwa Allah pap janm fè yo retounen ankò aprè lanmò yo, menm jan Li te kreye yo premye fwa a apati de neyan an. Kidonk, Li reponn yo pou li fè yo konnen Sila a ki te kòmanse kreyasyon an apati de neyan an gen kapasite poul refè yo ankò, epi sa menm pi fasil toujou; byenke zafè kreye a ak zafè refè a se 2 bagay ki egal devan Allah, paske Allah gen pouvwa sou tout bagay. Kanta pou jouman yo a: se pawòl yo kote yo di: Li gen yon pitit. Konsa, Li reponn yo poul fè konnen se Li ki Al-Ahad (Sila a ki Sèl la), ki Enik nan tout pèfeksyon nan non li yo, nan atribi li yo, ak nan aksyon L yo, Sila a ki lwen tout mankman ak tout defo, As-Samad (Mèt Siprèm nan) ki pa gen bezwen pèsonn, alòske tout moun gen bezwen li, Li pat janm papa pèsonn, ni Li pat janm pitit pèsonn, epi pa gen pèsonn ki egal avèm kòm parèy oswa sanblab, Glwa ak Egzaltasyon pou Li.
...:
Afimasyon pèfeksyon pouvwa Allah, Trè wo a
Pwouve Rezirèksyon an aprè lanmò.
Moun ki nye rezirèksyon an oswa ki atribiye yon pitit bay Allah (Toupwisan an) fè kouf (mekreyans).
Allah, lwanj ak laglwa pou Li, pa gen okenn parèy ni okenn egal pou Li.
Grandè klemans Allah, Glwa pou Li, ak delè Li akòde mekreyan yo pou yo kapab repanti epi retounen.
Sahih Al-Bukhari (6/ 180) (4974).
Plis (6)
عمدة القاري شرح صحيح البخاري.
لمحمود بدر الدين العينى (20/ 9).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (1/ 94).
القواعد المثلى في صفات الله وأسمائه الحسنى.
لابن عثيمين (ص26).