Skip to content

Nou te kote Omar epi li te di: Yo te entèdi nou fè ekzajerasyon.

Daprè Anas, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Nou te bò kote Omar, epi li te di: « Yo te entèdi nou fè sa ki depase kapasite nou (Takalluf). »

كُنَّا عِنْدَ عُمَرَ فَقَالَ: «نُهِينَا عَنِ التَّكَلُّفِ».

Se Al-Boukari ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Omar (Se pou Allah satisfè de li) fè konnen ke Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te entèdi yo fè sa ki gen difikilte ladan li san okenn bezwen pou sa, kit se nan pawòl oswa nan aksyon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pami fòm egzajerasyon ki entèdi yo se: poze twòp kesyon, oswa lè yon moun fòse tèt li depase limit nan sa li pa gen konesans sou li, oswa lè li rann yon bagay difisil alòske Allah mete fasilite ladan li.

Mizilman an dwe abitye tèt li pou li gen senplisite epi evite fè egzajerasyon nan pawòl ak nan aksyon: nan manje li, nan bwè li, nan pawòl li, ak nan tout lòt sitiyasyon li yo.

Islam se yon relijyon ki fasil.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (9/ 95) (7293).

Plis (10)

نزهة المتقين.

لمصطفى الخن وغيره (2/ 1136).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (6/ 391).

فتح الباري شرح صحيح البخاري.

لابن حجر (13/ 270).

النهاية في غريب الحديث والأثر.

لابن الأثير (4/ 196).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص930).