Youn nan nou pa dwe manyen pati prive kò li ak men dwat pandan lap pipi, ni li pa dwe siye kòl ak men dwat aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.
Daprè Abu Qatadah (se pou Allah satisfè ak li), li te di: Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Youn nan nou pa dwe kenbe pati entim li ak men dwat li pandan lap pipi, ni li pa dwe netwaye tèt li ak men dwat li aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.»
«لَا يُمْسِكَنَّ أَحَدُكُمْ ذَكَرَهُ بِيَمِينِهِ وَهُوَ يَبُولُ، وَلَا يَتَمَسَّحْ مِنَ الْخَلَاءِ بِيَمِينِهِ، وَلَا يَتَنَفَّسْ فِي الْإِنَاءِ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te eksplike kèk règ kondwit; kote li entèdi pou yon gason manyen pati prive li ak men dwat li pandan lap pipi, epi pou yo retire salte a nan pati devan an oswa nan pati dèyè a ak men dwat la; paske men dwat la rezève pou bagay ki onorab yo. Menm jan an tou, li te entèdi pou yon moun respire nan veso lap bwè ladan li an.
Eksplikasyon sou fason Islam te pran devan nan zafè bon konpòtman ak pwòpte.
Evite bagay sal yo, epi si li oblije manyen yo, li dwe fè sa ak men gòch.
Eksplikasyon sou onè bò dwat la ak merit li sou bò goch la.
Lalwa (Chari'a) Islam nan pafè, epi ansèyman li yo kouvri tout bagay.
Sahih Al-Bukhari (1/ 42) (154).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 225) (267).
Plis (4)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص41).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 45).