Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
«Lè nou ale pou nou fè bezwen nou, nou pa dwe bay fas nou nan direksyon Qibla a, ni nou pa dwe bay do nou ba li tou. Men, se pou nou vire nan direksyon lès oswa lwès.» Abu Ayyub te di: Lè nou te rive nan peyi Chanm, nou te jwenn twalèt ki te bati nan direksyon Qibla a. Konsa, nou te konn vire kò nou chanje direksyon, epi nou te mande Allah Trèwo a padon.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Youn nan nou pa dwe kenbe pati entim li ak men dwat li pandan lap pipi, ni li pa dwe netwaye tèt li ak men dwat li aprè li fin fè bezwen li, ni li pa dwe respire nan veso a.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te antre nan twalèt la, li te konn di: «O Allah! Mwen mande Ou pwoteksyon kont move lespri mal yo ak move lespri femèl yo».
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), chak fwa li te konn soti nan twalèt, li te konn di: «Mwen mande Ou padon».
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, Ibn Majah ak Ahmad.
"Lè yonn nan nou ap fè ablisyon (woudou), se poul mete dlo nan nen li epi poul mouchel. Nenpòt moun kap netwaye tèt li ak wòch (istijmar), se pou li fè sa yon kantite fwa ki enpè. Epi lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe mete men li nan veso dlo ablisyon an san li pa lavel anvan, paske yonn nan nou pa konnen kote men li te pase lannwit lan." Epi nan vèsyon Mouslim nan: "Lè yonn nan nou leve nan dòmi, li pa dwe plonje men li nan veso dlo a toutotan li pa lave li 3 fwa, paske li pa konnen kote men li te pase lannwit lan."
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li