Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

28 of 477 cards

Clear filters
"Si nou te mete tout konfyans nou nan Allah jan nou dwe fèl la, Li t ap bay nou pwovizyon menm jan Li bay zwazo yo. Yo pati nan maten ak vant vid, epi yo tounen nan aswè ak vant plen."
Sahih Se Imam Ahmad, At-Tirmidhi, An-Nasa'i, Ibn Majah, Ibn Hibban nan Sahih li a, ak Al-Hakim ki rapòte li.
« Lè Allah te fin kreye Paradi a ak Lanfè a, li te voye Jibril (lapè sou li) nan Paradi a. Li di li: "Ale wè li, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki gen pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen yon moun kap tande pale de li kap rete san li pa antre ladan l." Lè sa a, Allah bay lòd pou yo antoure Paradi a ak difikilte (sa moun pa renmen fè), epi li dil: "Ale wè li ankò, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre yo." Jibril ale, li gadel, epi li wè li antoure ak tout sa ki difisil, li di: "Mwen sèman sou pouvwa w la! Mwen pè pou pa gen pèsonn ki rive antre ladan li." Allah di li: "Ale gade Lanfè a, epi gade sam prepare ladan li pou moun ki pou antre ladan li yo." Jibril ale, li gadel, li wè kote flanm dife yo ap monte sou tèt youn lòt (youn ap vale lòt). Li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Pa gen pèsonn kap antre ladan l." Lè sa a, Bondye bay lòd pou yo antoure Lanfè a ak tout kalite dezi (bagay ki atire moun). Epi li dil: "Tounen gade li." Jibril ale, li gadel, li wè li antoure ak tout kalite dezi, li tounen epi li di: "Mwen sèman sou pouvwaw la! Mwen pè pou pa gen pèsonn kap chape anba li, pou tout moun pa antre ladan l." »
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
«Moun ki resite Koran an byen fò se tankou moun ki fè lacharite an piblik, epi moun ki resite Koran an an sekrè se tankou moun ki fè lacharite an sekrè.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
«Moman kote Seyè a pi pwòch sèvitè a, se nan fon dènye pati lannwit lan. Kidonk, siw kapab fè pati moun kap sonje Allah nan lè sa a, se pouw fè sa.»
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Yon mesye te vin kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil : 'Kisaw panse de yon nonm ki al goumen nan lagè pou li chèche rekonpans ak renome (repitasyon), kisa lap jwenn ?' Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) di : « Li pa gen anyen pou li. » Nonm nan repete kesyon an 3 fwa, epi chak fwa Mesaje Allah a reponn li : « Li pa gen anyen pou li. » Aprèsa, li di : « Anverite, Allah pa aksepte okenn aksyon sof si se pou Li sèlman li te fèt ak tout senserite, epi se kote se satisfaksyon li yap chèche»
Sahih Rapòte pa An-Nasa'i
"Nou te soti nan yon nwit lapli ak gwo fènwa, pou nou chache Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li); pou li te ka priye pou nou. Li di: Lè mwen te jwenn li, li di: «Di», mwen pa te di anyen. Aprè sa li di: «Di», mwen pa te di anyen. Li di: «Di», epi mwen di: Kisa pou mwen di? Li di: «{Qul Huwa Allahu Ahad} (Di: Li se Allah, Sèl la) ak Al-Mu'awwidhatayn (2 sourat pwoteksyon yo), nan aswè ak nan maten, 3 fwa, yap sifi ou kont tout bagay.»"
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak An-Nasa'i.
Pi bon fason pou sonje Allah (Zikr) se: "La ilaha illallah" (Pa gen okenn bondye ki merite adore eksepte Allah), epi pi bon priyè/envokasyon (Douya) se: "Alhamdulillah" (Tout lwanj se pou Allah).
« Bon » ou « Byen » Rapòte pa At-Tirmidhi ak An-Nasa'i nan Al-Kubra ak Ibn Majah.
"O Mesaje Allah, manman Saad mouri, ki charite ki pi bon?" Li reponn: «Dlo». Konsa, li fouye yon pi, epi li di: "Sa a se pou manman Saad."
Li bon gras a ansanm chèn transmisyon li yo. Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ibn Majah.