Skip to content

Sètènman, Allah pa aksepte okenn aksyon sof sa ki fèt ak tout senserite pou Li sèlman, epi kote se satisfaksyon Li yap chèche.

Daprè Abou Oumama Al-Bahili (se pou Allah satisfè avè l), li di:

Yon mesye te vin kote Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li dil : 'Kisaw panse de yon nonm ki al goumen nan lagè pou li chèche rekonpans ak renome (repitasyon), kisa lap jwenn ?' Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li) di : « Li pa gen anyen pou li. » Nonm nan repete kesyon an 3 fwa, epi chak fwa Mesaje Allah a reponn li : « Li pa gen anyen pou li. » Aprèsa, li di : « Anverite, Allah pa aksepte okenn aksyon sof si se pou Li sèlman li te fèt ak tout senserite, epi se kote se satisfaksyon li yap chèche»

جَاءَ رَجُلٌ إِلَى النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَقَالَ: أَرَأَيْتَ رَجُلًا غَزَا يَلْتَمِسُ الْأَجْرَ وَالذِّكْرَ، مَا لَهُ؟ فَقَالَ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «لَا شَيْءَ لَهُ» فَأَعَادَهَا ثَلَاثَ مَرَّاتٍ، يَقُولُ لَهُ رَسُولُ اللَّهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «لَا شَيْءَ لَهُ» ثُمَّ قَالَ: «إِنَّ اللَّهَ لَا يَقْبَلُ مِنَ الْعَمَلِ إِلَّا مَا كَانَ لَهُ خَالِصًا، وَابْتُغِيَ بِهِ وَجْهُهُ»

Rapòte pa An-Nasa'i
Sahih
Esplikasyon an

Yon mesye te vin jwenn Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li): pou li pozel kesyon epi mandel desizyon relijye sou ka yon mesye ki soti pou batay ak Jihād, kap chèche rekonpans nan men Allah epi kap anvi jwenn lwanj ak felisitasyon nan men moun, èske lap jwenn rekonpans? Epi Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te dil kòm repons ke li pap jwenn okenn pati nan rekonpans lan; paske li te asosye yon lòt pase Allah nan entansyon li, epi mesye a te repete kesyonl lan 3 fwa bay Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li menm (ke benediksyon ak lapè sou li) te reponn li epi konfime menm repons lan pou li; ke li pa gen okenn rekonpans, Aprèsa Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te enfòmel sou règ pou zèv yo kapab aksepte devan Allah: Allah pa aksepte okenn zèv amwenske tout fèt pou Allah sèlman san yo pa asosye pèsonn ladan li, epi fòk li fèt sèlman pou figi Allah (Glwa pou Li).

Pami benefis Hadith la

Allah pa aksepte okenn bon zèv sof si li te fèt ak tout senserite pou Li menm sèl ki Pi Wo a, epi si li fèt daprè jan Pwofèt Li a (lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyel la.

Pami sa ki fè bèl kalite yon bon repons soti nan men Mifti a (moun kap bay konsèy relijye a), se pou fatwa(repons) li bay la satisfè totalman objektif moun kap poze kesyon an, epi menm plis pase sa.

Mete aksan sou yon bagay ki gen anpil enpòtans nan repete poze kesyon sou li a plizyè fwa.

Vrè konbatan (moujahid) an se moun ki lite pou pawòl Allah a ka pi wo, epi kap chèche rekonpans ak benediksyon nan lòt mond nan avèk yon entansyon ki sensè nèt, pa pou konbal la ta fèt pou enterè lavi sou tè a.

Referans yo.

Sounna An-Nasa'i (6/ 25) (3140).

Plis (4)

الترغيب والترهيب (2/194).

جامع العلوم والحكم (1/75).

نيل الأوطار (7/245).

ذخيرة العقبى في شرح المجتبى (26/205).