Moman kote Seyè a pi prè sèvitèl la, se nan dènye pati nan fon lannwit lan."
Daprè Abu Umamah, li di: Omar bin Abasah (se pou Allah satisfè ak li) te rakontem ke li te tande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) kap di:
«Moman kote Seyè a pi pwòch sèvitè a, se nan fon dènye pati lannwit lan. Kidonk, siw kapab fè pati moun kap sonje Allah nan lè sa a, se pouw fè sa.»
«أَقْرَبُ مَا يَكُونُ الرَّبُّ مِنَ العَبْدِ فِي جَوْفِ اللَّيْلِ الآخِرِ، فَإِنْ اسْتَطَعْتَ أَنْ تَكُونَ مِمَّنْ يَذْكُرُ اللَّهَ فِي تِلْكَ السَّاعَةِ فَكُنْ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen: Seyè a "glwa pou Li" pi prè sèvitèl la nan dènye tyè lannwit lan; donk, siw jwenn favè a epiw kapab (oumenm kwayan ) fè pati moun kap adore li, kap priye, kap fè lwanj pou Li, epi kap repanti nan moman sa a, se yon opòtinite ou dwe pwofite epi fè tout efò pou sa."
Ankouraje mizilman an fè Zikr nan fen lannwit lan.
Diferans ki genyen nan valè moman yo youn parapò ak lòt pou fè Zikr, Doua, ak Priyè.
Mirak te di: Konsènan diferans ki genyen ant pawòl li a: "Moman kote Seyè a pi pwòch sèvitè a", ak pawòl li a: "Moman kote sèvitè a pi prè Seyè li a, se lè lap fè soujoud": Sa ki vize isit la, se eksplike lè kote Seyè a pi prè sèvitè a, ki se nan mitan lannwit lan, tandiske sa ki vize lòt bò a, se eksplike nan ki eta sèvitè a pi prè Seyè a, ki se nan eta soujoud la.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 537) (3579).
Sounna Abou Dawoud (2/ 454) (1277).
Sounna An-Nasa'i (1/ 279) (572).
Plis (8)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (2/ 1019).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (5/ 509).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 535).
مشكاة المصابيح.
للتبريزي (1/ 387).