Skip to content

O Mesaje Allah a, manman Saad mouri, ki kalite ofrann/sedaka ki pi bon pou mwen fè pou li? Li reponn: «Dlo». Li fouye yon pi, epi li di: «Sa a se pou manman Saad»

Soti bò kote Sa'd bin Ubadah (ke Allah satisfè de li), li te di:

"O Mesaje Allah, manman Saad mouri, ki charite ki pi bon?" Li reponn: «Dlo». Konsa, li fouye yon pi, epi li di: "Sa a se pou manman Saad."

يَا رَسُولَ اللَّهِ، إِنَّ أُمَّ سَعْدٍ مَاتَتْ، فَأَيُّ الصَّدَقَةِ أَفْضَلُ؟، قَالَ: «الْمَاءُ»، قَالَ: فَحَفَرَ بِئْرًا، وَقَالَ: هَذِهِ لِأُمِّ سَعْدٍ.

Rapòte pa Abou Dawoud, An-Nasa'i ak Ibn Majah.
Li bon gras a ansanm chèn transmisyon li yo.
Esplikasyon an

Manman Sa'd bin Ubadah,( se pou Allah satisfè avè l, te mouri) . Konsa, li te mande Pwofèt la, (kè poze ak benediksyon Allah sou li) ki pi bon kalite charite li ta ka ofri nan non manman li. Pwofèt la, (kè poze ak benediksyon Allah sou li), te fèl konnen pi bon charite a se dlo. Lè sa a, li te fouye yon pi epi li te dedyel kòm yon charite pou manman li.

Pami benefis Hadith la

Eksplikasyon ki montre dlo se pami pi bon kalite charite yon moun ka bay

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te oryante Saad pou li bay dlo kòm sadaka; paske li pote plis benefis jeneral nan zafè relijyon ak lavi mond lan, epi akòz gwo chalè a, gwo bezwen an, ansanm ak rate dlo a.

Prèv ki montre rekonpans charite yo rive jwenn moun ki mouri yo.

Bonte Saad bin Ubadah (ke Allah satisfè de li) anvè manman li (ke Allah satisfè ak tou 2).

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (3/ 109) (1681).

Sounna An-Nasa'i (6/ 254) (3664).

Sounna Ibn Majah (4/ 643) (3684).

Plis (1)

شرح سنن أبي داود للعباد (204/ 19).