Skip to content

Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a.

Bò kote Zoubayr ibn al-Awwam, li te di:

Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a} [At-Takasur: 8], Zubayr te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon ak plezi yap poze nou kesyon, alòske se sèlman 2 bagay nwa yo nou genyen: dat ak dlo?' Li di: «An verite, sa ap rive».

لَمَّا نَزَلَتْ: {ثُمَّ لَتُسْأَلُنَّ يَوْمَئِذٍ عَنِ النَّعِيمِ} [التكاثر: 8]، قَالَ الزُّبَيْرُ: يَا رَسُولَ اللهِ، وَأَيُّ النَّعِيمِ نُسْأَلُ عَنْهُ، وَإِنَّمَا هُمَا الْأَسْوَدَانِ التَّمْرُ وَالْمَاءُ؟ قَالَ: «أَمَا إِنَّهُ سَيَكُونُ».

Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Majah
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Lè vèsè sa a te desann: {Epi, jou sa a, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi nou te jwenn sou tè a.} Sa vle di: yap poze nou kesyon sou fason nou te remèsye pou byenfavè ak benediksyon Allah te fè nou yo. Az-Zubayr bin Al-Awwam (se pou Allah satisfè avèk li) te di: 'O Mesaje Allah, sou ki benediksyon yap poze nou kesyon?! Se sèlman 2 benediksyon nou genyen ki pa menm merite pou yo poze kesyon sou yo, ki se dat ak dlo!' Epi, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: An verite, yap poze nou kesyon sou tout benediksyon ak plezi sa yo menm nan sitiyasyon sa a nou ladan li an, paske yo se 2 gwo byenfavè pami byenfavè Allah ki anwo nan syèl la.

Pami benefis Hadith la

Mete aksan sou remèsye Allah pou byenfè yo.

Benediksyon ak plezi se pami bagay yap poze sèvitè a kesyon sou yo nan Jou Rezirèksyon an, kit yo te piti, kit yo te anpil.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (5/ 375) (3356).

Sounna Ibn Majah (5/ 262) (4158).

Plis (3)

شرح سنن ابن ماجه للسيوطي (ص: 307).

تحفة الأحوذي (9/203).

مرشد ذوي الحجا والحاجة إلى سنن ابن ماجه والقول المكتفى على سنن المصطفى (25/ 251).