Skip to content

Mwen menm ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te konn benyen nan yon sèl veso pandan nou tou 2 te nan eta enpite majè (djanaba); epi li te konn mandem poum mete yon twal nan ren mwen aprèsa li te konn karesem (touche m) pandan mwen te nan règ mwen.

Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè de li), li te di:

Mwen menm ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te konn benyen nan yon sèl veso pandan nou tou 2 te nan eta enpite majè (djanaba); epi li te konn mandem pou m mete yon twal nan ren mwen aprèsa li te konn karesem (touche m) pandan mwen te nan règ mwen; epi li te konn lonje tèt li ban mwen pandan li te nan retrèt espirityèl (i'tikaf) nan moske a, poum te lavel, alòske mwen te nan règ mwen.

كُنْتُ أَغْتَسِلُ أَنَا وَالنَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ مِنْ إِنَاءٍ وَاحِدٍ كِلاَنَا جُنُبٌ، وَكَانَ يَأْمُرُنِي، فَأَتَّزِرُ، فَيُبَاشِرُنِي وَأَنَا حَائِضٌ، وَكَانَ يُخْرِجُ رَأْسَهُ إِلَيَّ وَهُوَ مُعْتَكِفٌ فَأَغْسِلُهُ وَأَنَا حَائِضٌ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Mwen menm ak Pwofèt la (lapè ak benediksyon sou li) te konn benyen nan yon sèl veso pandan nou tou 2 te nan eta enpite majè (djanaba); epi li te konn mandem poum mete yon twal nan ren mwen aprèsa li te konn karesem (touche m) pandan mwen te nan règ mwen. Epi lè li (se pou lapè ak benediksyon Allah avèk li) te vle apwoche li pandan li te gen règ li, li te ba li lòd pou li kouvri kò li soti nan lonbrit rive nan jenou, epi li te karese li san li pa fè rapò seksyèl (penetrasyon). Epi Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li .) te konn fè Itikaf nan moske a, epi li te konn pase tèt li deyò bay Aicha pou li lavel, pandan li te nan kay li epi li te gen règ li.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Pèmisyon pou yon gason ak madanm li benyen nan yon sèl veso.

Pèmisyon pou gen kontak fizik ak yon fanm ki nan règ li nan lòt pati nan kòl sof nan pati privel, epi kò li pwòp (li pa enpi).

Li rekòmande pou li mete yon rad pou anba nan moman entimite a.

Pran mezi ki anpeche tonbe nan sa ki entèdi.

Anpeche yon fanm ki gen règ li rete nan moske a.

Li pèmèt pou li manyen bagay yo, kit yo mouye oswa sèk, epi sa gen ladan li lave cheve a ansanm ak penyen li.

Bon tretman Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) anvè fanmi li.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 67) (299 - 301).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 244) (297).

(1/ 255) (319).

Plis (6)

الإلمام بشرح عمدة الأحكام.

لإسماعيل الأنصاري (1/ 66).

تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.

للبسام (ص79).

تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.

لابن عثيمين (1/ 76).