Skip to content

Allah ap pran tè a nan men li lap woule syèl yo ak men dwat li, epi lap di: “Se mwen ki Wa a! Kote wa ki sou latè yo?”

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avè l), li te di: Mwen te tande Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) di:

«Allah ap kenbe tè a nan pla men Li, epi lap pliye syèl yo nan men dwat Li, aprèsa lap di: Mwen se Wa a. Kote wa ki sou tè yo?»

«يَقْبِضُ اللَّهُ الأَرْضَ، وَيَطْوِي السَّمَوَاتِ بِيَمِينِهِ، ثُمَّ يَقُولُ: أَنَا المَلِكُ، أَيْنَ مُلُوكُ الأَرْضِ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la, kè poze ak benediksyon Allah sou li, te fè konnen ke jou Jijman an, Allah Granmèt la ap pran tè a nan pla men Li epi lap ranmasel epi lap pliye syèl la nan men dwat Li, lap vlope yon pati ladan li sou yon lòt, lap ale avèk li epi lap fel peri. Aprèsa lap di: Mwen se Wa a. Kote wa ki te sou tè a yo?!

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Se yon rapèl ke dominasyon Allah a se li menm ki ap rete pou tout tan, epi dominasyon tout lòt yo ap disparèt.

Majeste Allah, grandè pouvwa Li ak otorite Li, epi pèfeksyon wayòm Li an.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 126) (4812).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2148) (2787).

Plis (3)

فتح الباري (13/367).

عمدة القاري شرح صحيح البخاري (23/ 101).

البحر المحيط الثجاج (43/324).