O Abbas, O tonton Mesaje Allah a, mande Allah byennèt nan mond sa a ak nan lòt mond lan.
Bò kote Abbas ibn Abd al-Muttalib, ke Allah satisfè avèk li, li te di:
Mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah Toupwisan ak Majestye a. Li te di: «Mande Allah byennèt», epi mwen te rete pandan kèk jou, aprèsa mwen te vini epi mwen te di: O Mesaje Allah, anseye mwen yon bagay pou mwen mande Allah. Epi li te di mwen: «O Abbas, O tonton Mesaje Allah, mande Allah byennèt nan lavi sa a ak nan lòt lavi a».
قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، عَلِّمْنِي شَيْئًا أَسْأَلُهُ اللَّهَ عَزَّ وَجَلَّ. قَالَ: «سَلِ اللَّهَ العَافِيَةَ»، فَمَكَثْتُ أَيَّامًا ثُمَّ جِئْتُ فَقُلْتُ: يَا رَسُولَ اللهِ، عَلِّمْنِي شَيْئًا أَسْأَلُهُ اللَّهَ. فَقَالَ لِي: «يَا عَبَّاسُ، يَا عَمَّ رَسُولِ اللهِ، سَلِ اللَّهَ العَافِيَةَ فِي الدُّنْيَا وَالآخِرَةِ».
Tonton Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li), Al-Abbas pitit gason Abdul Muttalib (se pou Allah satisfè ak li), te mande Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) pou li anseye li yon envokasyon pou li ka fè demand bay Allah avèk li, Konsa, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te anseyel pou li mande Allah byennèt ak sekirite kont tout malè ak defo nan relijyon an, nan lavi mond sa a, ak nan mond aprè lanmò a. Al-Abbas te di: Aprè kèk jou, mwen te retounen bò kote li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) yon lòt fwa ankò pou mwen mande li anseyem yon envokasyon poum ka adrese Allah. Lè sa a, li (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di li avèk afeksyon: O Abbas, O tonton Mesaje Allah a, mande Allah byennèt pou repouse tout sa ki nwizib epi atire tout byen ak sa ki itil nan lavi mond sa a ak nan lòt mond lan.
Lefètke Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te repete menm repons lan bay Abbas lè li te mandel pou yon dezyèm fwa a, sa montre ke byennèt se pi bon bagay yon sèvitè ka mande Mèt li.
Eksplikasyon sou merit pwoteksyon, ak lefètke se ladan li tout byen rasanble nan mond sa a ak nan lòt mond lan.
Konpayon yo (ke Allah satisfè ak yo) te gen yon gwo devouman pou yo toujou chèche jwenn plis konesans ak plis byen.
Sounna At-Tirmidhi (5/ 491) (3514).
Mousnad Ahmad (3/ 303) (1783).
Plis (9)
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين (2/ 1014).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 468).
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (2/ 566).
تطريز رياض الصالحين.
لفيصل المبارك (ص815).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 40).