Skip to content

Evite vye zak sal sa Allah te entèdi a; kèlkeswa moun ki tonbe nan sa, se poul kouvri tèt li avèk vwal Allah a (pa revele pechel) epi se poul repanti devan Allah. Paske, nenpòt moun ki montre nou sa li te fè a (ki avwe peche li piblikman), nap aplike lwa Allah (Koran an) sou li.

Daprè Abdoullah ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kanpe aprè li te lapide Aslami a epi li te di:

«Evite zak sal sa a Allah entèdi a. Donk, nenpòt moun ki tonbe ladan li,se pou li kache tèt li anba kouvèti Allah, epi se pou li repanti bay Allah; paske nenpòt moun ki devwale zak li devan nou, nap aplike Liv Allah a sou li.»

«اجْتَنِبُوا ‌هَذِهِ ‌الْقَاذُورَةَ الَّتِي نَهَى اللَّهُ عَنْهَا فَمَنْ أَلَمَّ فَلْيَسْتَتِرْ بِسِتْرِ اللَّهِ وَلْيُتُبْ إِلَى اللَّهِ، فَإِنَّهُ مَنْ يُبْدِ لْنَا صَفْحَتَهُ نُقِمْ عَلَيْهِ كِتَابَ اللَّهِ عز وجل».

Rapòte pa Al-Hakim ak Al-Bayhaqi.
Sahih
Esplikasyon an

Ibn Oumar (se pou Allah satisfè avèk yo 2 a) rapòte ke Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te kanpe aprè yo te fin lapide Ma'iz bin Malik Al-Aslami (ke Allah satisfè ak li) kòm pinisyon pou adiltè a, epi li te fè yon prèch pou pèp la epi li te di: Kanpe lwen salte sa a, ansanm ak sa ki sal epi ki lèd pami peche ke Allah entèdi yo, epi nenpòt moun ki tonbe epi ki komèt yon bagay ladan yo, gen 2 bagay ki obligatwa pou li: Premye a: Se pou li kache tèt li menm jan Allah te kachel pou li, epi li pa fè konnen dezobeyisans li. Dezyèmman: Se pou moun nan prese fè repantans devan Allah epi li pa pèsiste nan peche a. Konsènan moun ki te montre nou pechel la (ki te fèl an piblik oswa ki te kit li parèt aklè), nap aplike pinisyon ki mansyone nan Liv Allah a (Koran an) pou peche sa a.

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou sèvitè ki fè peche a kache pwòp tèt li, epi pou li repanti pou peche a nan sa ki ant li menm ak Mèt li a.

Lè pinisyon yo rive devan chèf la (otorite a), li obligatwa pou li aplike pinisyon sa a.

Obligasyon pou yon moun evite peche yo, epi poul repanti (Tawbah) pou yo.

Referans yo.

As-Sounna Al-Kubra pa Al-Bayhaqi (8/ 572).

Plis (8)

المستدرك على الصحيحين للحاكم (4/ 272) (7615).

منحة العلام في شرح بلوغ المرام.

لعبد الله الفوزان (8/ 435).

فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (5/ 370).

توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.

للبسام (6/ 249).

شرح الزرقاني على موطأ الإمام مالك (4/ 235).