Skip to content

Yap di moun ki te konsakre lavil nan resitasyon ak aplikasyon Koran an pou li kontinye monte nan degre paradi a daprè kapasite resitasyonèl li te genyen pandan lavi terès li. Sa a souliye ke plas yon moun nan dimansyon aprè lanmò a dirèkteman lye ak nivo asimilasyon ak pratik li te genyen anvè tèks sakre a.

Daprè Abdullah ibn Amr (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Yap di moun ki te fè Koran an konpayon li: "Resite epi monte nan degre (Paradi a); resite avèk swen jan ou te konn fèl nan mond sa a, paske plas ou (ran ou) se kote dènye vèsè wap resite a fini."

«يقالُ لصاحبِ القرآن: اقرَأ وارتَقِ، ورتِّل كما كُنْتَ ترتِّل في الدُنيا، فإن منزِلَكَ عندَ آخرِ آية تقرؤها».

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi, An-Nasa'i nan Al-Koubra, ak Ahmad.
« Bon » ou « Byen »
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen yap di moun kap li Koran an, ki pratike sa ki ladan li, ki toujou atache ak li pou resitel epi memorizel, lè li antre nan Paradi: Li Koran an, epi monte gras ak sa nan degre Paradi yo, epi resite menm jan ou te konn resite sou tè a lè ou tap lil avèk kalm ak kè poze; paske plas ou ap nan dènye vèsè ou ap li a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Rekonpans lan fèt selon aksyon yo, ni nan kantite ni nan kalite .

Ankourajman pou lekti Coran an, metrizel, memorizel, medite sou li epi aji daprè li.

OParadi gen anpil plas espesyal ak plizyè nivo, epi moun ki atache ak Koran an ap jwenn nivo ki pi wo yo ladan li.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (2/ 592) (1464).

Sounna At-Tirmidhi (5/ 35) (2914).

Mousnad Ahmad (11/ 403) (6799).

As-sounna al-Kubra pa An-Nasa'i (7/ 272) (8002).

Plis (3)

معالم السنن (1/290).

تحفة الأحوذي (8/187).

عون المعبود وحاشية ابن القيم (4/ 237).