Skip to content

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn sonje Allah nan tout moman li yo.

Bò kote Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:

Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn mansyone Allah nan tout moman li yo.

كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَذْكُرُ اللهَ عَلَى كُلِّ أَحْيَانِهِ.

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Aïcha, Manman Kwayan yo, (ke Allah agreye li), fè konnen ke Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te atache anpil nan fè zikr Allah, Trèwo a, epi li te konn fè zikr Allah, Trèwo a, nan tout tan, nan tout kote, ak nan tout sitiyasyon.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Se pa yon kondisyon pou yon moun nan eta pwòpte, sa vle di li pa gen ni ti salte ni gwo salte sou li, pou li fè rapèl (Dhikr) pou Allah (Trèwo a).

Pwofèt la (Ke la lapè ak benediksyon Allah sou li) te toujou ap sonje Allah Ki Trè Wo a.

Ankourajman pou fè anpil "Zikr" (sonje Allah Toupwisan an) nan tout tan, pou swiv egzanp Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li), eksepte nan sitiyasyon kote li pa pèmèt pou fè "Zikr", tankou lè moun ap fè bezwen yo.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 282) (373).

Sahih Al-Bukhari (1/ 68).

(1/ 129).

Plis (6)

توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.

للبسام (1/ 315).

فتح ذي الجلال والإكرام شرح بلوغ المرام.

لابن عثيمين (1/ 273).

مجموع فتاوى ومقالات.

لابن باز (26/ 17).