Se yon pawòl verite konsa djin nan vòlè, epi lal chuchote li nan zòrèy alye li a tankou jan yon poul ap kloke (fè bri), epi yo melanje plis pase 100 manti ladan li.
Bò kote Aicha (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Gen kèk moun ki te poze Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) kesyon sou divinò yo, epi Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di yo: «Yo pa anyen.» Yo te di: O Mesaje Allah, men pafwa moun sa yo konn di kèk bagay ki se laverite. Lè sa a, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di: «Ti pawòl sa a ki soti nan laverite a, se djinn nan ki vòlè li, epi li depozel nan zòrèy alyel la menm jan ak bri yon manman poul, epi yo melanje ansanm avèl plis pase 100 manti.»
سَأَلَ أُنَاسٌ رَسُولَ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنِ الْكُهَّانِ، فَقَالَ لَهُمْ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «لَيْسُوا بِشَيْءٍ» قَالُوا: يَا رَسُولَ اللهِ، فَإِنَّهُمْ يُحَدِّثُونَ أَحْيَانًا بِالشَّيْءِ يَكُونُ حَقًّا، فَقَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «تِلْكَ الْكَلِمَةُ مِنَ الْحَقِّ يَخْطَفُهَا الْجِنِّيُّ فَيَقُرُّهَا فِي أُذُنِ وَلِيِّهِ قَرَّ الدَّجَاجَةِ، فَيَخْلِطُونَ فِيهَا أَكْثَرَ مِنْ مِائَةِ كَذْبَةٍ».
Yo te poze Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) kesyon sou moun kap bay nouvèl sou bagay ki kache nan lavni yo, epi li te di: Pa ba yo okenn enpòtans, ni pa koute pawòl yo, epi pa kite zafè yo okipe lespri nou. Epi yo di: Vrèmanvre, pawòl yo a konn koresponn ak reyalite a pafwa, tankou si yo ta bay enfòmasyon sou arive yon bagay ki fè pati envizib la nan tèl mwa, nan tèl jou, epi sa rive egzakteman daprè pawòl yo a. Epi li te di (lapè ak benediksyon Allah kouvri li): Sètènman, djinn yo vòlè sa yo tande nan nouvèl syèl la, epi yo desann vin jwenn alye yo pami divinò yo, epi yo fè yo konnen sa yo te tande a. Answit, divinò a ajoute 100 manti sou sa li te tande ki soti nan syèl la.
يخْطفُها: يأخذها بسرعة.
فَيَقُرُّهَا في أُذُنِ: يلْقِيهَا على مسَامِع.
قرَّ الدجاج: صوتها عند مخاطبة دجاجة أخرى.
Li entèdi pou moun kwè divinò yo, epi sa yap di a se manti ak bagay yo envante, menm si yo ta di verite pafwa.
Syèl la te pwoteje kont Satan yo gras ak misyon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah poze sou li), yon fason pou anpeche yo tande anyen nan Revelasyon an oubyen okenn lòt bagay, eksepte sa ki fofile koute an kachèt epi ki chape anba etwal kap file yo.
Djinn yo pran alye pou yo pami lèzòm.
Sahih Al-Bukhari (8/ 47) (6213).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 1750) (2228).
Plis (9)
نزهة المتقين (2/ 1143).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (17/ 557).
بهجة الناظرين.
لسليم الهلالي (3/ 177).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (7/ 2904).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 404).