Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pran dlo (fè ablisyon) lè chak lapriyè.
Daprè Amr ibn Amir, daprè Anas ibn Malik, li te di:
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn pran dlo (fè ablisyon) pou chak lapriyè, mwen te di: «Kòman nou menm nou te konn fè?» Li te di: «Yon sèl ablisyon (Woudou) te sifi pou youn nan nou, toutotan li pat nan eta enpite (salte).»
كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يَتَوَضَّأُ عِنْدَ كُلِّ صَلَاةٍ، قُلْتُ: كَيْفَ كُنْتُمْ تَصْنَعُونَ؟ قَالَ: يُجْزِئُ أَحَدَنَا الْوُضُوءُ مَا لَمْ يُحْدِثْ.
Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè woudou pou chak lapriyè obligatwa, menm si woudou li a pat anile; epi li te fè sa pou li te ka jwenn rekonpans ak favè. Epi li pèmèt pou li fè plis pase yon lapriyè obligatwa ak yon sèl woudou, toutotan li toujou gen woudou li.
...:
Sa Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fè pi souvan, se fè woudou pou chak lapriyè; pou chèche sa ki pi pafè a.
Rekòmandasyon pou fè woudou pou chak lapriyè.
Pèmisyon pou fè plis pase yon lapriyè avèk yon sèl woudou.
Sahih Al-Bukhari (1/ 53) (214).
Plis (2)
شرح ابن بطّال (1/321).
إرشاد الساري لشرح صحيح البخاري (1/ 285).