Skip to content

Si yo te bay moun sa yo mande a sèlman sou baz reklamasyon yo, gen moun ki tap reklame byen lòt moun ansanm ak san yo (lavi yo). Men, prèv la rete sou kont moun kap fè reklamasyon an, epi sèman an rete sou kont moun kap nye a.

Bò kote Ibn Abbas (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

Si yo te bay moun sa yo reklame, anpil moun tap reklame byen lòt moun ak san yo (lavi yo). Men, prèv la (al-bayyinah) sou kont moun kap fè reklamasyon an, epi sèman an (al-yamin) sou kont moun ki demanti (refize) reklamasyon an.

«لَو يُعطَى النّاسُ بدَعواهُم لادَّعَى رِجالٌ أموالَ قَومٍ ودِماءَهُم، ولَكِنَّ البَيِّنَةَ على المُدَّعِى، واليَمينَ على مَن أنكَرَ».

Se Al-Bayhaki ki rapòte li.
Sahih
Esplikasyon an

Mesaje Allah a (ke benediksyon ak kè poze Allah sou li) te eksplike ke si yo te bay moun sa yo reklame jis paske yo di sa, san pa gen prèv oswa endikasyon, moun tap reklame byen lòt moun ak lavi yo. Men, li obligatwa pou moun kap fè reklamasyon an prezante prèv ak dokiman ki apiye sa lap reklame a. Si li pa gen okenn prèv, yo prezante reklamasyon an bay moun yo akize a; si li demanti, li dwe fè sèman pou pwouve inosans li, epi li libere sou akizasyon an.

Pami benefis Hadith la

Ibn Daqiq Al-Eid te di: Adis sa a se yon prensip pami prensip règ lalwa yo, epi li se pi gwo referans lan lè gen dezakò ak konfli.

Lalwa (Chari'a) vini pou pwoteje byen moun yo (richès yo) ak lavi yo kont manipilasyon.

Jij la (Kadi a) pa bay desizyon baze sou pwòp konesans li, men pito li retounen nan prèv yo.

Nenpòt moun ki fè yon reklamasyon ki pa gen prèv, yo rejtel; kit se nan domèn dwa ak tranzaksyon (biznis/sosyal), kit se nan kesyon lafwa ak konesans.

Referans yo.
Plis (6)

السنن الكبرى للبيهقي تحقيق التركي (21/ 242 - 243) (21243).

التحفة الربانية في شرح الأربعين حديثًا النووية (ص76).

شرح الأربعين النووية.

لابن عثيمين (ص328).

فتح القوي المتين في شرح الأربعين وتتمة الخمسين.

لعبد المحسن البدر (ص114).