Skip to content

Kouri fè bon zèv prese prese anvan eprèv ak tribilasyon (ki fè nwa) tankou mòso nan yon lannwit byen fon rive.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Prese fè bon zèv anvan latwoublay yo rive tankou mòso nan yon lannwit byen nwa. Yon moun ap leve nan maten antanke kwayan epi aswè li vin enkwayan, oswa lap rive nan aswè antanke kwayan epi nan maten li leve enkwayan, lap vann relijyon li pou yon byen nan mond sa a.»

«بَادِرُوا بِالْأَعْمَالِ فِتَنًا كَقِطَعِ اللَّيْلِ الْمُظْلِمِ، يُصْبِحُ الرَّجُلُ مُؤْمِنًا وَيُمْسِي كَافِرًا، أَوْ يُمْسِي مُؤْمِنًا وَيُصْبِحُ كَافِرًا، يَبِيعُ دِينَهُ بِعَرَضٍ مِنَ الدُّنْيَا».

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) ankouraje kwayan an poul prese epi fè anpil bon zèv anvan yo vin enposib pou li, epi anvan li vin twò distrè poul fè yo akòz aparisyon tribilasyon ak dout kap anpechel epi kap detounen li de yo. Tribilasyon sa yo fè nwa tankou mòso nan fènwa lannwit, kote laverite melanje ak sa ki fo, sa ki rann li difisil pou moun fè diferans ant yo. Akòz gravite yo, moun nan ap tèlman twouble jiskaske li ka leve nan maten kòm yon kwayan epi aswè rive li tounen yon enkwayan, oswa li ka pase aswè a kòm yon kwayan epi nan maten li leve tounen yon enkwayan; lap abandone relijyon li pou yon byen materyèl ki pasaje nan lavi sa a.

Pami benefis Hadith la

Obligasyon pou kenbe fèm nan relijyon an, epi prese fè bon zèv anvan obstak yo vin anpeche sa.

Yon referans sou jan gwo eprèv ak tantasyon kap egare moun yo ap swiv youn lòt san pran souf nan fen tan an, epi chak fwa yon eprèv fini, gen yon lòt ki vin touswit aprèl.

Si relijyon yon moun febli epi li fè konpwomi avèl an echanj pou bagay nan lavi sa a, tankou lajan oswa lòt bagay, sa ap lakòz li devye, li abandone relijyon an, epi li kite tantasyon mennen li.

Nan Hadith la, gen prèv ki montre ke bon zèv yo se yon mwayen pou jwenn delivrans anba eprèv ak tribilasyon yo.

Tantasyon yo ak tribilasyon yo se 2 kalite: tantasyon dout, epi remèd yo se konesans; ak tantasyon dezi, epi remèd yo se lafwa ak pasyans.

Nan adit la, gen yon referans ki montre moun ki fè mwens bon zèv se li menm eprèv (ak tantasyon) yo ap atenn pi vit; epi moun ki gen anpil bon zèv pa dwe pran nan lògèy ak sal genyen an, men okontrè li dwe chèche fè plis toujou.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 110) (118).

Plis (6)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 169).

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (2/ 16).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 122).