Yo te konn resevwa 10 vèsè nan men Mesaje Allah a, epi yo pat anm avanse nan 10 vèsè ki vin aprè yo san yo pa fin aprann sa ki ladan yo an tèm de konesans (teyorik) ak aplikasyon pratik.
Bò kote Abu Abdur-Rahman As-Soulami (se pou Allah gen pitye pou li), li te di:
Moun ki te konn anseye nou yo pami konpanyon Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te rapòte nou ke yo te konn aprann 10 vèsè nan men Mesaje Allah la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li), epi yo pat konn pase nan 10 lòt vèsè jiskaske yo aprann sa ki nan yo kòm konesans ak pratik. Yo te di: Konsa, nou te aprann konesans lan ak pratik la.
حَدَّثَنَا مَنْ كَانَ يُقْرِئُنَا مِنْ أَصْحَابِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ أَنَّهُمْ كَانُوا يَقْتَرِئُونَ مِنْ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَشْرَ آيَاتٍ، فَلَا يَأْخُذُونَ فِي الْعَشْرِ الْأُخْرَى حَتَّى يَعْلَمُوا مَا فِي هَذِهِ مِنَ الْعِلْمِ وَالْعَمَلِ، قَالُوا: فَعَلِمْنَا الْعِلْمَ وَالْعَمَلَ.
Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) te konn aprann 10 vèsè nan Koran an nan men Mesaje Allah a (lapè ak benediksyon Allah sou li), epi yo pa tap pase nan okenn lòt jiskaske yo aprann konesans ki nan 10 vèsè sa yo epi metel an pratik; konsa, yo te aprann konesans ak pratik ansanm.
...:
Merit Konpayon yo (se pou Allah kontan ak yo) ak devouman yo pou aprann koran an.
Aprann Koran an fèt atravè konesans (teyorik) ak aplikasyon sa ki ladan li (pratik), se pa sèlman atravè lekti ak memorizasyon li sèlman.
Konesans vini anvan pawòl ak aksyon.
Mousnad Ahmad (38/ 466) (23482).