c: Kijan pou w fè lapriyè a:
- Li vire fas bò kote Kibla a ak tout kò li, san li pa devye ni vire gade lòt kote.
- Aprèsa sa, li fè entansyon pou Lapriyè li vle fè a nan kè li, san li pa pwononse Entansyon an.
- Aprèsa, li di 'Takbirat al-Iram' la, epi li di: 'Allahu Akbar' (Allah se pi gran an), epi li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li yo pandan li ap di 'Takbir' la.
- Aprèsa li mete pla men dwat li sou do men gòch li sou lestonmak li.
- Aprèsa , li fè envokasyon ouvèti a, epi li di:
O Allah, mete yon distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan Ou mete distans ant kote solèy leve ak kote solèy kouche. O Allah, netwaye pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan pou retire tout tach sou li. O Allah, lave pechem yo ak dlo, ak lanèj, epi ak lagrèl.
Oubyen li di:
"O Allah, glwa pou ou ak lwanj pou ou, non ou gen benediksyon, grandè ou anlè nèt, epi pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon an Sèlman ou menm."
- Aprèsa, li chache pwoteksyon epi li di:
"«Mwen chache pwoteksyon nan men Allah kont Satan sa yo rejte a»."
- Aprèsa, li di Bismillah, epi li li Sourat Al-Fatiha, epi li di:
- Nan non Allah, Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
Tout louwanj se pou Allah, Mèt tout sa ki egziste nan linivè a.
3-Sila ki gen anpil bonte a, Sila ki gen anpil mizèrikòd la.
- Sèl Mèt kap deside nan jou Jijman an.
5: Se Ou menm sèl nou adore, epi se Ou menm sèl nou mande sekou.
- Gide nou sou chemen verite a, chemen ki dwat la.
7-Chemen moun Ou te voye benediksyon Ou sou yo, pa chemen moun ki merite kòlèw yo, ni chemen moun ki pèdi yo.
[Al-Fatiha: 2].
Aprèsa, li di: "Amine" ki vle di: O Allah, aksepte priyè a.
- Aprèsa, li sa ki fasil pou li nan Koran an, epi li fè lekti a pi long nan lapriyè Soubh (maten).
- Aprè sa, li fè 'Ruku' (li panche kò li), sa vle di: li panche do li pou li glorifye Allah, li di 'Allahu Akbar' lè l ap fè 'Ruku' a, epi l ap leve 2 men li rive nan nivo zepòl li. Sounah a (sa ki rekòmande a), se pou li lonje do li dwat, mete tèt li nan menm nivo ak do li, epi li mete men li sou jenou li ak dwèt li yo louvri.
- Li di nan 'Ruku' li a: «Subhana Rabbiyal 'Adhim» (Glwa pou Mèt mwen ki gen anpil grandè) 3 fwa, epi si li ajoute: «Subhanakallahumma wa bihamdika, Allahummaghfir li» (Glwa pou Ou, O Allah, epi tout louwanj se pou Ou, O Allah padone mwen), li bon.
- Li leve tèt li soti nan pozisyon 'Ruku' a pandan lap di: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li», epi nan moman sa a li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li. Kanta pou moun kap swiv imam nan, li pa di: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li», men pito li di nan plas li: «O Senyè nou, tout louwanj se pou ou».
Aprèsa, lè li fin leve (soti nan rkou), li di: «Mèt nou, tout lwanj se pou Ou; yon lwanj ki ranpli syèl la ak tè a, epi ki ranpli tout sa Ou vle apre sa.»
- Apre sa, li fè premye pwostènasyon an (Soudjoud), epi li di pandan lap fè pwostènasyon an: «Allahu Akbar». Li pwostène sou 7 pati nan kòl: fwon li ak nen li, 2 pla men li yo, 2 jenou li yo, ak pwent dwèt pye li yo. Li dwe separe bwa bra li yo lwen kòt li, li pa dwe poze avanbra li yo atè, epi li dwe vire pwent dwèt li yo bò kote 'Kibla' a.
- Epi li di nan pwostènasyon li (Soudjoud): «Subhana Rabbiyal A'la» (Glwa pou Mèt mwen ki pi wo a) 3 fwa, epi si li ajoute: «Subhanaka Allahumma Rabbana wa bihamdika, Allahumma ighfir li» (Glwa pou ou, O Allah, Senyè nou, epi tout louwanj se pou ou. O Allah, padonnen m), li bon.
- Aprèsa, li leve tèt li soti nan 'Sujud' la epi li di: 'Allahu Akbar'.
- Aprèsa, li chita ant 2 pwostènasyon yo sou pye goch li, epi li drese pye dwat li, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo ak sou jenou li yo.
- Epi nan chita li a ant 2 pwostènasyon yo, li di:
«Mèt mwen! Padonem, gen mizèrikòd pou mwen, gidem, ban mwen mwayen pou mwen viv, ranplase sa mwen pèdi yo/ranfòsem, epi ban mwen lasante.»
- Aprèsa, li fè dezyèm pwostènasyon an (Soudjoud) menm jan ak premye a nan sa lap di ak sa lap fè, epi li di 'Allahu Akbar' lè lap fè pwostènasyon an.
- Apre sa, li leve soti nan dezyèm pwostènasyon an pandan lap di: «Allahou Akbar». Li fè dezyèm raka a menm jan ak premye a nan tout jès ak tout pawòl, eksepte ke li pa refè priyè ouvèti a (Doua al-Istiftah) ladan li.
- Aprèsa, li chita lè li fini dezyèm 'Raka' a pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li chita egzakteman menm jan li chita ant 2 pwostènasyon yo.
- Epi li li 'Tachahoud' la nan chita sa a, epi li di:
"Tout salitasyon se pou Allah, ak lapriyè yo, ak tout bon bagay yo. Lapè sou ou, O Pwofèt, ak mizerikòd Allah ak benediksyon li yo. Lapè sou nou, ak sou sèvitè Allah ki dwat yo. Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li. O Allah, voye lapriyè sou Muhammad ak sou fanmi Muhammad, menm jan Ou te voye lapriyè sou Ibrahim ak sou fanmi Ibrahim, vrèman, Ou merite tout lwanj epi Ou gen tout glwa. Epi voye benediksyon sou Muhammad ak sou fanmi Muhammad, menm jan Ou te voye benediksyon sou Ibrahim ak sou fanmi Ibrahim, vrèman, Ou merite tout lwanj epi Ou gen tout glwa. Mwen chache refij nan Allah kont chatiman Lanfè a, ak kont chatiman kavo a, ak kont eprèv lavi ak lanmò, ak kont eprèv fo Mesi a (Ad-Dajjal)"
Aprèsa, li fè dou'a lap mande Senyè li a sa li renmen nan byenfè lavi isiba ak lavi aprè lanmò.
- Aprèsa, li bay 'Salam' (salitasyon) sou bò dwat li pandan lap di: «Assalamou Alaykoum wa Rahmatoullah» (Se pou lapè Allah ak mizèrikòd li sou nou), epi sou bò gòch li konsa tou.
- Epi si lapriyè a gen twa (3) oswa kat (4) raka (mouvman); li rete nan fen premye 'Tachahoud' la, ki se: «Mwen temwaye ke pa gen okenn divinite eksepte Allah, epi mwen temwaye ke Muhammad se sèvitè Li ak mesaje Li».
- Aprèsa, li leve kanpe pandan lap di 'Allahu Akbar', epi li leve 2 men li rive nan nivo zepòl li nan moman sa a.
- Apre sa, li fè rès priyè li a menm jan ak dezyèm 'Raka' a, sòf ke li li sèlman Sourat Al-Fatiha.
- Aprèsa, li chita nan pozisyon 'Tawarouk' la, li drese pye dwat li, epi li fè pye gòch li soti anba janm dwat li, epi li poze dèyè li plat atè, epi li poze 2 men li yo sou kwis li yo menm jan li te poze yo nan premye 'Tachahoud' la.
- Epi li li tout 'Tachahoud' la nan chita sa a.