السؤال
س29: ما أفضل أيام الأسبوع؟
Kesyon 29: Ki pi bon jou nan semèn nan?
الجواب
ج:يوم الجمعة، قال النبي عَلَيْهِ الصَّلَاةُ وَالسَّلَامُ:
«إن من أفضل أيامكم يوم الجمعة فيه خلق آدم وفيه قبض وفيه النفخة وفيه الصعقة فأكثروا علي من الصلاة فيه فإن صلاتكم معروضة علي».
قالوا يا رسول الله وكيف تعرض صلاتنا عليك وقد أرمت؟ – يقولون بليت – فقال:
«إن الله عَزَّ وَجَلَّ حرم على الأرض أجساد الأنبياء»
رواه أبو داود وغيره.
R: Jou Vandredi a, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
Vandredi se youn nan pi bèl jou nou genyen: Se jou sa a Allah te kreye Adan, se jou sa a Adan te mouri, se jou sa a twonpèt la va kònen (pou anonse lafen dimond), epi se jou sa a tout moun va tonbe san konesans. Se sak fè, voye anpil benediksyon (Salat) pou mwen nan jou sa a, paske benediksyon nap voye yo, yap prezante yo ban mwen.
Yo di: «O Mesaje Allah la, epi kijan lapriyè nou ap prezante ba ou pandan ou fini tounen pousyè?» – yo vle di kò ou fin dekonpoze – Epi li di:
"Allah ki gen tout pouvwa ak tout grandè, entèdi tè a manje kò pwofèt yo."
Rapòte pa Abou Dawoud ak lòt moun.