Sètènman, Allah padone kominote mwen an pou sa yo di nan kè yo, osi lontan ke yo pa aji sou sa oswa yo pa pale sa.
Daprè Abu Hurayrah (ke Allah satisfè de li), daprè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li di:
«Sètènman, Allah padone kominote mwen an pou sa kap pase nan lespri yo, toutotan yo pa aji sou li oswa pale de li.»
«إِنَّ اللَّهَ تَجَاوَزَ عَنْ أُمَّتِي مَا حَدَّثَتْ بِهِ أَنْفُسَهَا، مَا لَمْ تَعْمَلْ أَوْ تَتَكَلَّمْ».
Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) fè konnen yon mizilman pa responsab (yo pap pini li) pou move panse ki pase nan lespril depi li pa mete yo an pratik oswa li pa pale de yo. Paske Allah retire chay la, Li padone, epi Li pa pini kominote (Oummah) Muhammad la (lapè ak benediksyon Allah sou li) pou sa ki parèt nan panse ak sa kap vire nan lespri a toutotan moun nan pa dakò avèk li nèt epi li pa kite li pran rasin nan li. Men, si sa vin pran rasin nan kèl —tankou lògèy, awogans, oswa ipokrizi—oswa si li aji avèk kòl oubyen li palel ak lang li, lè sa a lap responsab pou sa (yap pinil pou sa).
Allah (ki beni epi ki egzalte a) fè gras epi li padone panse ak move lide ki konn parèt nan nanm nan, kote yon moun ap pale de yo ak tèt li (anndan l), epi ki senpleman ap travèse nan lespri li.
Divòs la, si yon moun reflechi sou li, epi li pase nan lespri li, men li pa pwononse li epi li pa ekri li, lè sa a li pa konsidere kòm yon divòs.
Panse kap travèse lespri yon moun, yo pap rann li responsab pou sa kèlkeswa jan sa grav, toutotan li pa tabli nan nanm li epi li aji daprè sa oswa li pale sa.
Gwo valè ak grandè kominote (Oummah) Muhammad la (lapè ak benediksyon Allah sou li) gras avèk privilèj li genyen pou li pa responsab (yo pap pinil) pou panse enteryè ki pase nan lespri a, kontrèman ak lòt pèp ki te la anvan nou yo.
Sahih Al-Bukhari (7/ 46) (5269).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 116) (127).
Plis (10)
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (7/ 560).
فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (5/ 46).
توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.
للبسام (5/ 502).
حاشية السندي على سنن ابن ماجه.
للسندي (6/ 157).
البدرُ التمام شرح بلوغ المرام.
للمغربي (8/ 49).