Mizilman an, lè yo poze li kesyon nan tonbo a: li temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah.
Daprè Al-Bara' ibn 'Azib (ke Allah satisfè avèk li), Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
"«Mizilman an, lè yo poze li kesyon nan tonbo a : li temwaye ke pa gen lòt dye ki merite adore Sèlman Allah epi ke Muhammad se mesaje Allah», sa se pawòl Li a : {Allah ap fè moun ki te gen lafwa yo rete fèm ak pawòl ki fèm nan, nan lavi sou latè ak nan lòt lavi a} [Ibrahim: 27]."
«المُسْلِمُ إِذَا سُئِلَ فِي القَبْرِ: يَشْهَدُ أَنْ لاَ إِلَهَ إِلَّا اللَّهُ وَأَنَّ مُحَمَّدًا رَسُولُ اللَّهِ»، فَذَلِكَ قَوْلُهُ: {يُثَبِّتُ اللَّهُ الَّذِينَ آمَنُوا بِالقَوْلِ الثَّابِتِ فِي الحَيَاةِ الدُّنْيَا وَفِي الآخِرَةِ} [إبراهيم: 27].
Yo poze moun ki gen lafwa a kesyon nan tonbo an, epi 2 zanj yo ki gen responsabilite pou sa pozel kesyon, yo se Munkar ak Nakir, jan yo mansyone non yo nan plizyè hadith, Epi li temwaye ke pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon Sèlman Allah, epi ke Muhammad se mesaje Allah, Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di: Sa a se pawòl fèm nan, ke Allah te pale sou li a: {Allah kenbe fèm moun ki kwè yo avèk pawòl fèm nan, nan lavi mond sa a ak nan lòt mond lan} [Ibrahim: 27].
kesyon you poze nan tonbo a se yon verite.
Se yon favè Allah fè sèvitè kwayan li yo nan mond sa a ak nan lòt mond lan, dèske Li fè yo rete fèm sou pawòl fèm nan.
Merit temwayaj Inisite Allah a epi mouri sou li.
Allah kenbe kwayan an fèm nan mond sa a nan fè li rete djanm sou lafwa epi swiv Chemen Dwat la; nan moman lanmò a, nan fè li mouri sou Tawhid; epi nan tonbo an, nan moman 2 Zanj yo ap pozel kesyon an.
Sahih Al-Bukhari (6/ 80) (4699).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2201) (2871).
Plis (4)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (1/ 498).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (1/ 386).