Pwofèt la (ke la lapè ak benediksyon Allah sou li), lè li te konn fè lapriyè li, li te konn louvri 2 bra li jiskaske blanchè anba bra li te parèt.
Daprè Abdullah bin Malik Ibn Buhaynah (se pou Allah satisfè avè l):
Lè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te fè lapriyè, li te louvri 2 bra li yo, jiskaske blanchè anba bra li yo te parèt.
أَنَّ النَّبِيَّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ إِذَا صَلَّى فَرَّجَ بَيْنَ يَدَيْهِ حَتَّى يَبْدُوَ بَيَاضُ إِبْطَيْهِ.
Lè Pwofèt la(ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) tap fè pwostènasyon (Soudjoud), li te konn separe men li yo pandan Soudjoud la; konsa, li te kenbe chak men lwen kòt ki bò kotel la, tankou 2 zèl, jiskaske koulè po anba bra li yo te parèt; Epi sa montre jan li te konn byen louvri 2 bra li yo, epi separe yo lwen 2 bò kòt li yo.
Li rekòmande fason sa a pandan pwostènasyon an (Soudjoud), ki se kenbe bra li yo lwen kòt li.
Moun kap swiv imam nan ki fè vwazen li mal lè li louvri bra li; sa pa preskri pou li fè sa.
Nan dekole pati kò yo pandan wap fè Soudjoud la, gen anpil sajès ak pwen enpòtan, pami yo: montre enèji ak dezi nan lapriyè a, epi tou lè yon moun apiye sou tout manm ki fèt pou fè Soudjoud yo, chak manm jwenn dwa pa li nan adorasyon an. Epi yo di tou: Sajès ki genyen nan sa, se paske li pi sanble ak imilite, li pèmèt moun nan pi byen poze fwon li ak nen li atè a, epi tou pou chak manm kapab distenge poukont li.
Sahih Al-Bukhari (1/ 87) (390).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 356) (495).
Plis (6)
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
للبسام (ص162).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (2/ 207).
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 134).