Skip to content

O Allah, Ou se Lapè a, e lapè a soti nan Ou, Ou gen anpil benediksyon, Mèt Majeste ak Onè

Bò kote Thawban, ke Allah satisfè avèk li, li te di:

Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fini lapriyè li, li te konn mande Allah padon 3 fwa, epi li di: "O Allah, Ou se Lapè, epi se nan Ou lapè soti, Ou beni, O Mèt glwa ak onè." Al-Walid te di: Mwen te mande Al-Awza'i: "Kòman mande padon an fèt?" Li di: Ou di: "Mwen mande Allah padon, mwen mande Allah padon."

كَانَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ إِذَا انْصَرَفَ مِنْ صَلَاتِهِ اسْتَغْفَرَ ثَلَاثًا، وَقَالَ: «اللَّهُمَّ أَنْتَ السَّلَامُ، وَمِنْكَ السَّلَامُ، تَبَارَكْتَ ذَا الْجَلَالِ وَالْإِكْرَامِ»، قَالَ الْوَلِيدُ: فَقُلْتُ لِلْأَوْزَاعِيِّ: كَيْفَ الْاسْتِغْفَارُ؟ قَالَ: تَقُولُ: أَسْتَغْفِرُ اللهَ، أَسْتَغْفِرُ اللهَ.

Rapòte pa Mouslim
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn di lè li fini lapriyè li: Mwen mande Allah padon, mwen mande Allah padon, mwen mande Allah padon. Aprèsa li glorifye Seyè li a pandan lap di: « O Allah, Ou se Lapè a e lapè a soti nan Ou, Ou gen anpil benediksyon, O Mèt Majeste ak Onè ». Kidonk Allah se Sila a ki san defo a, Sila a ki pafè nan kalite li yo, Sila a ki pirifye anba tout defo ak mankman, epi se nan Li ou mande, li menm ki sen anpil la, sekirite kont sa ki mal nan lavi sa a ak nan lòt lavi a, e non pa nan okenn lòt moun. Epi Li menm, li menm ki sen anpil la, byenfè li yo miltipliye anpil nan tou 2 mond yo, Li se Mèt grandè ak byenfè a.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Li rekòmande pou mande padon aprè lapriyè epi pèsiste nan fè sa.

Rekòmandasyon pou mande padon (Istigfar) pou konplete sa ki manke nan adorasyon an, epi pou repare zak adorasyon an ak neglijans ki fèt ladan li.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 414) (591).

Plis (6)

مرعاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.

لعبيد الله المباركفوري (3/ 317).

سبل السلام.

للصنعاني (1/ 294).

توضيح الأحكام مِن بلوغ المرام.

لعبد الله البسام (2/ 301).