Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

11 of 477 cards

Clear filters
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak Benediksyon Allah kouvri li) te konn fè Takbir nan lapriyè, li te konn fè yon ti silans anvan li kòmanse lekti a. Epi mwen di: "O Mesaje Allah, mwen ta bay papam ak manmanm pou ou, kisa ou konn di nan silans ou fè ant Takbir (deklare grandè Allah) ak lekti a?" Li te di: «Mwen di: O Allah, mete distans ant mwen menm ak pechem yo, menm jan ou mete distans ant Lès ak Lwès. O Allah, netwayem anba pechem yo, menm jan yo netwaye yon rad blan anba salte. O Allah, lavem anba pechem yo avèk nèj, dlo, ak lagrèl.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn fini lapriyè li, li te konn mande Allah padon 3 fwa, epi li di: "O Allah, Ou se Lapè, epi se nan Ou lapè soti, Ou beni, O Mèt glwa ak onè." Al-Walid te di: Mwen te mande Al-Awza'i: "Kòman mande padon an fèt?" Li di: Ou di: "Mwen mande Allah padon, mwen mande Allah padon."
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki li Ayat al-Kursi aprè chak lapriyè obligatwa, anyen pap anpeche li antre nan Paradi eksepte lamò.»
Sahih Rapòte pa An-Nasa'i nan Al-Kubra.
Mesaje Allah la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di lè li leve do li soti nan pozisyon 'Ruku' a: «Allah koute sila ki fè lwanj pou li, O Allah, Senyè nou an, tout louwanj se pou ou, ki ranpli syèl yo ak tè a, epi ki ranpli tout sa ou vle aprèsa».
Sahih Rapòte pa Mouslim
«Nenpòt moun ki di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa aprè chak lapriyè, li di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi li di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 33 fwa, sa fè katrevendiznèf (99). Epi poul ka rive nan san (100), li di: 'Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, Li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay, y ap padonnen peche l yo menm si yo ta tankou kim lanmè.»
Sahih Rapòte pa Mouslim
Ibn Al-Zubayr te konn di aprè chak lapriyè, lèl fin bay salitasyon an: 'Pa gen lòt dye eksepte Allah , Li sèl, Li pa gen okenn asosye. Se pou Li tout wayòm nan ak tout lwanj yo, e Li gen pouvwa sou tout bagay. Pa gen okenn chanjman nan kondisyon nou, ni okenn fòs, eksepte pa Allah. Pa gen lòt dye eksepte Allah, e nou pa adore pèsonn lòt pase Li. Se pou Li tout favè, se pou Li tout merit, epi se pou Li tout bèl lwanj yo. Pa gen lòt dye eksepte Allah, nap fè adorasyon an pou Li sèlman, menmsi moun kap nye yo pa renmen sa.' Epi li te di: 'Mesaje Senyè toupwisan an(lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn sèvi ak fraz sa yo pou li fè tahlil (di pa gen lòt dye eksepte Allah) aprè chak lapriyè.
Sahih Rapòte pa Mouslim
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn di aprè chak priyè obligatwa: «Pa gen okenn lòt dye ki merite adorasyon esepte Allah, Li sèl, li pa gen asosye. Se pou Li tout pouvwa a ye, se pou Li tout lwanj yo ye, epi Li gen pouvwa sou tout bagay. O Allah! Pa gen pèsonn ki ka anpeche sa Ou deside bay, epi pa gen pèsonn ki ka bay sa Ou deside anpeche. Richès oswa pozisyon yon moun pa ka sèvil anyen devan Ou.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
« Gen kèk pawòl (Adhkar) ki vin aprè lapriyè, moun ki di yo - oswa ki fè yo - aprè chak lapriyè obligatwa pap janm desi: se di 'Subhanallah' (Glwa pou Allah ) 33 fwa, di 'Alhamdulillah' (Lwanj pou Allah ) 33 fwa, epi di 'Allahu Akbar' (Allah pi gran) 34 fwa. »
Sahih Rapòte pa Mouslim