Skip to content

Lè ou wè moun kap swiv sa ki pa klè ladan li yo (vèsè ki kapab gen plizyè sans yo), se moun sa yo menm Allah te site non yo a, donk pran prekosyon nou avèk yo.

Soti nan Aicha (ke Allah satisfè de li), li te di:

Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te resite vèsè sa a: « Se Li menm ki fè desann Liv la pou ou; gen ladan li vèsè ki klè, ki se fondasyon Liv la, epi gen lòt ki pa klè. Kanta moun ki gen devyasyon nan kè yo, yo swiv sa ki pa klè ladan li yo nan chèche kreye dezòd ak chèche entèprete yo (daprè sa yo vle). Pèsonn pa konnen entèpretasyon yo eksepte Allah Epi moun ki gen konesans ki byen chita yo di: "Nou kwè ladan li, tout soti nan men Seyè nou an." Epi se moun ki gen lespri yo sèlman ki kapab pran konsèy. » (Al-Imran: 7). Li te di: Mesaje Allah a, (lapè ak benediksyon Allah sou li), te di: « Lèw wè moun kap swiv sa ki pa klè ladan li yo, yo se moun sa yo Allah te nonmen yo, donk pran prekosyon avèk yo. »

تَلَا رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ هَذِهِ الْآيَةَ: {هُوَ الَّذِي أَنْزَلَ عَلَيْكَ الْكِتَابَ مِنْهُ آيَاتٌ مُحْكَمَاتٌ هُنَّ أُمُّ الْكِتَابِ وَأُخَرُ مُتَشَابِهَاتٌ فَأَمَّا الَّذِينَ فِي قُلُوبِهِمْ زَيْغٌ فَيَتَّبِعُونَ مَا تَشَابَهَ مِنْهُ ابْتِغَاءَ الْفِتْنَةِ وَابْتِغَاءَ تَأْوِيلِهِ، وَمَا يَعْلَمُ تَأْوِيلَهُ إِلَّا اللَّهُ، وَالرَّاسِخُونَ فِي الْعِلْمِ يَقُولُونَ آمَنَّا بِهِ كُلٌّ مِنْ عِنْدِ رَبِّنَا وَمَا يَذَّكَّرُ إِلَّا أُولُو الْأَلْبَابِ} [آل عمران: 7]. قَالَتْ: قَالَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «فَإِذَا رَأَيْتِ الَّذِينَ يَتَّبِعُونَ مَا تَشَابَهَ مِنْهُ فَأُولَئِكَ الَّذِينَ سَمَّى اللهُ، فَاحْذَرُوهُمْ».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te li vèsè sa a: {Se Li menm ki voye Liv la desann ba ou. Ladan l, gen vèsè ki klè; se yo menm ki baz Liv la, epi gen lòt ki pa fin klè. Kanta pou moun ki gen devyasyon nan kè yo, yo swiv sa ki pa fin klè yo pou yo chèche kreye dezòd epi pou yo chèche entèpretel daprè lide pa yo. Men, pèsonn pa konnen vrè entèpretasyon li Sèlman Allah. Moun ki anrasinen fèm nan konesans yo di: "Nou kwè ladan l, yo tout soti bò kote Granmèt nou an." Epi pa gen moun ki pran leson nan sa sauf moun ki gen bon konprann yo}. Epi nan vèsè sa a, Allah (glwa pou li) te fè konnen se Li menm ki te voye Koran an desann bay pwofèt li a, kote gen vèsè ki montre sans yo byen klè, ki gen lwa ki byen rekonèt san okenn konfizyon ladan yo, se yo menm ki baz ak referans Liv la, epi se nan yo pou yo tounen lè gen dezakò. Ladan li tou gen lòt vèsè ki kapab gen plizyè sans, sans yo gendwa parèt konfiz pou kèk moun, oubyen yo ta ka panse gen yon kontradiksyon ant yo menm ak lòt vèsè yo. Aprèsa Allah te esplike klèman kijan moun konpòte yo fas ak vèsè sa yo. Kanta pou moun ki gen panchan nan kè yo pou yo vire do bay laverite a, yo kite sa ki klè yo, epi yo pran sa ki pa fin klè yo ki ka gen plizyè sans lan, yap chèche konsa pou yo soulve dout epi egare moun, epi yap chèche tou pou yo entèprete yo daprè sa ki ale ak move lide yo. Men, kanta pou moun ki anrasinen fèm nan konesans yo, yo rekonèt sa ki pa fin klè a, epi yo rapòte li bay sa ki klè a, yo kwè ladan li, epi yo rekonèt li soti nan Allah (ki gen tout glwa ak tout pouvwa), epi li pa posib poul gen okenn konfizyon osinon kontradiksyon ladan li. Men, pa gen moun ki pran konsyans ni ki pran leson ladan li eksepte moun ki gen bon konprann yo. Aprèsa , Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te di manman kwayan yo, Aisha (ke Allah satisfè ak li a), ke sil wè moun kap swiv sa ki pa fin klè yo, ebyen se yo menm Allah te nonmen nan pawòl Li a: {Kanta pou moun ki gen devyasyon nan kè yo}, kidonk, pran prekosyon nou avèk yo epi pa koute yo.

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Vèsè ki fèm (ki klè) nan Koran an se sa ki gen yon siyifikasyon klè epi ki evidan. Vèsè ki pa klè (Al-Mutashabih) se sa ki ka gen plizyè entèpretasyon epi ki mande anpil analiz ak pwofondè.

Mete moun yo an gad kont frekantasyon moun kap devye yo, moun kap swiv inovasyon (bidaa) yo, ak moun ki gaye pwoblèm pou twonpe pèp la epi simen dout nan kè yo.

Nan fen vèsè a, lè Allah di: {E se moun ki gen lespri yo sèlman ki kapab pran konsèy}, sa a se yon fason pou montre moun ki devye yo pa nan kategori sa a, epi pou fè lwanj pou moun ki gen konesans yo. Sa vle di: moun ki pa pran konsèy epi ki pa kite tèt yo gide pa verite a, men ki swiv dezi yo, yo pa fè pati moun ki gen bon lespri yo (moun ki gen entèlijans ki pwofon).

Swiv bagay ki pa klè yo lakòz kè a devye.

Obligasyon pou entèprete vèsè ki pa klè (Mutashabih) yo, sa yo ki gen sans ki kache, an fonksyon vèsè ki klè (Muhkam) yo.

Allah (glwa pou li) te fè yon pati nan Koran an klè, epi yon lòt pati ka gen plizyè sans; kòm yon eprèv pou moun yo, pou kapab fè diferans ant moun ki gen lafwa yo ak moun ki pèdi wout yo.

Rezon ki fè genyen vèsè ki gen plizyè sans yo nan Koran an se: pou montre valè savan yo genyen parapò ak lòt moun, epi pou fè lespri moun yo konnen limit yo; pou yo ka soumèt devan Kreyatè yo a epi rekonèt enkapasite yo.

Merit ki genyen pou moun byen anrasinen nan konesans, epi nesesite pou yo rete fèm ladan li.

Gen 2 fason savan yo konn li vèsè sa a: {Pèsonn pa konnen entèpretasyon li eksepte Allah, epi moun ki gen konesans ki byen chita yo}. Si ou kanpe (fè yon poz) aprè mo {Allah} : Sa vle di, se Allah sèlman ki konnen "vrè sans pwofon" bagay ki kache yo (tankou ki lè Jijman Dènye a ap rive). Moun ki gen konesans ki byen chita yo, yo jis di: "Nou kwè nan sa senyè toupwisan di, men nou kite detay yo nan men mèt linivè a." Yo rete trankil epi yo pa chache konnen sa ki pa pou nou. Si ou pa kanpe (ou kontinye li) aprè mo {Allah} a: Sa vle di, "entèpretasyon" la se jis yon eksplikasyon oswa yon klarifikasyon. Nan ka sa a, Allah konnen li, epi savan yo ki gen bon konesans yo konnen li tou. Yo sèvi ak sa yo konnen an pou yo rann vèsè ki pa klè yo tounen nan vèsè ki klè (Al-Muhkam), pou yo ka byen konprann yo.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (6/ 33) (4547).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (4/ 2053) (2665).

465).

Plis (6)

فتح الباري (8/211).

شرح النووي على مسلم (16/217).

النهاية في غريب الحديث والأثر (ص 407.

فتح الودود في شرح سنن أبي داود (4/415).

تحفة الأبرار شرح مصابيح السنّة (1/129).

البحر المحيط الثجاج في شرح صحيح الإمام مسلم بن الحجاج (41/ 559).