Epi li te pran dlo (fè ablisyon) pou yo menm jan ak ablisyon Pwofèt la (Lapè ak benediksyon Allah sou li).
Daprè Yahya bin Umarah al-Mazini, li di:
Mwen te temwen Amr ibn Abi Hasan ki tap poze Abdullah ibn Zaid kesyon konsènan fason Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te konn pran dlo (fè ablisyon). Lè sa a, li te mande yon veso dlo, epi li te pran dlo (fè ablisyon) devan yo, menm jan ak ablisyon Pwofèt la (Se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li). Li te panche veso a pou vide dlo sou men li, epi li te lave tou 2 men li 3 fwa. Aprèsa, li te plonje men li anndan veso a; li te rense bouch li, li te rale dlo nan nen li epi li te souflel soti deyò, avèk 3 ponyen dlo. Aprèsa, li te plonje men li ankò epi li te lave figil 3 fwa. Aprèsa, li te lave 2 bral rive jouk nan koud yo 2 fwa. Aprèsa, li te plonje men li epi li te pase men mouye sou tèt li; li te pase 2 men li yo soti devan pou ale dèyè, epi li fè yo tounen devan ankò yon sèl fwa. Aprèsa, li te lave 2 pyel yo rive jouk nan cheviy yo.
شَهِدْتُ عَمْرَو بْنَ أَبِي حَسَنٍ سَأَلَ عَبْدَ اللَّهِ بْنَ زَيْدٍ، عَنْ وُضُوءِ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ فَدَعَا بِتَوْرٍ مِنْ مَاءٍ، فَتَوَضَّأَ لَهُمْ وُضُوءَ النَّبِيِّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، فَأَكْفَأَ عَلَى يَدِهِ مِنَ التَّوْرِ، فَغَسَلَ يَدَيْهِ ثَلاَثًا، ثُمَّ أَدْخَلَ يَدَهُ فِي التَّوْرِ، فَمَضْمَضَ وَاسْتَنْشَقَ وَاسْتَنْثَرَ، ثَلاَثَ غَرَفَاتٍ، ثُمَّ أَدْخَلَ يَدَهُ فَغَسَلَ وَجْهَهُ ثَلاَثًا، ثُمَّ غَسَلَ يَدَيْهِ مَرَّتَيْنِ إِلَى المِرْفَقَيْنِ، ثُمَّ أَدْخَلَ يَدَهُ فَمَسَحَ رَأْسَهُ، فَأَقْبَلَ بِهِمَا وَأَدْبَرَ مَرَّةً وَاحِدَةً، ثُمَّ غَسَلَ رِجْلَيْهِ إِلَى الكَعْبَيْنِ.
Abdullah bin Zayd te montre nan yon demonstrasyon pratik kijan Pwofèt la te konn fè woudou (ablisyon), Li mande yon ti veso dlo, Epi li te kòmanse an premye pa lave 2 pla men li, answit li te panche veso a epi li te vide nan dlo a, epi li te lave yo 3 fwa andeyò veso a, Aprèsa, li mete men li nan veso a, li pran 3 ponyen dlo ladan li; nan chak ponyen, li rense bouch li, li aspire dlo nan nen li epi li souflel soti. Aprèsa, li te pran dlo nan veso a epi li te lave figil 3 fwa, Apre sa, li te pran dlo ladan li, epi li te lave 2 men li yo rive nan koud yo 2 fwa, Aprèsa, li mete 2 men li yo nan veso a, epi li pase men mouye sou tèt li ak 2 men li yo; li kòmanse devan tèt li jiskaske li rive dèyè tèt li, anwo kou a, aprèsa li tounen ak yo jiskaske li rive kote li te kòmanse a, Aprèsa, li lave 2 pye li yo ansanm ak zo jwenti pye yo.
التور: الإناء الصغير.
Konpòtman anseyan an se mwayen ki pi dirèk pou fasilite konpreyansyon ak anrasinen konesans lan, epi pami sa nou jwenn ansèyman atravè aksyon(pratik).
Li pèmèt pouw repete 3 fwa pou kèk pati nan kò a ki dwe lave nan woudou a, ak 2 fwa pou kèk lòt, men sa ki obligatwa se yon sèl fwa.
Respekte lòd pati kò yo youn aprè lòt nan ablisyon an se yon obligasyon, jan sa parèt nan adit la.
Limit vizaj la nan sans wotè: Li soti depi kote cheve nan tèt la konmanse pouse nòmalman, desann jouk nan bab la ak pwent manton an, epi nan sans lajè: soti nan yon zòrèy rive nan lòt zòrèy la.
Sahih Al-Bukhari (1/ 48) (186).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 210) (235).
Plis (9)
الإلمام بشرح عمدة الأحكام.
لإسماعيل الأنصاري (1/ 18).
الإفهام في شرح عمدة الأحكام.
لابن باز (ص72).
تيسير العلام شرح عمدة الأحكام.
لعبد الله البسام (ص29).
تنبيه الأفهام شرح عمدة الأحكام.
لابن عثيمين (1/ 27).
شرح العمدة للسعدي (ص 50).