Ou aksepte Islam ansanm ak bon zèv ou te fè anvan yo.
Bò kote Hakim ibn Hizam (ke Allah satisfè de li), li te di:
"Mwen di: O Mesaje Allah, kisaw panse de bagay mwen te konn fè kòm adorasyon nan epòk inyorans lan , tankou bay lacharite (Sadaqa), oswa libere esklav, epi kenbe bon relasyon ak fanmi, èske gen rekonpans pou yo? Lè sa a, Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) di: «Ou aksepte Islam ansanm ak tout bon zèv ou te fè anvan yo.»"
قُلْتُ: يَا رَسُولَ اللَّهِ، أَرَأَيْتَ أَشْيَاءَ كُنْتُ أَتَحَنَّثُ بِهَا فِي الجَاهِلِيَّةِ مِنْ صَدَقَةٍ أَوْ عَتَاقَةٍ، وَصِلَةِ رَحِمٍ، فَهَلْ فِيهَا مِنْ أَجْرٍ؟ فَقَالَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ: «أَسْلَمْتَ عَلَى مَا سَلَفَ مِنْ خَيْرٍ».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) montre klè ke moun ki refize kwè a, lè li antre nan Islam, lap jwenn rekonpans pou sa li te konn fè kòm bon aksyon nan epòk inyorans lan anvan li te antre nan Islam nan, tankou bay charite, libere esklav, oswa kenbe bon relasyon ak fanmi li.
أتحنث: أتعبد.
Bon aksyon yon moun ki enkredil (kafir) fè nan mond sa a, li pap resevwa rekonpans pou yo nan lòt mond nan si li mouri nan eta enkredilite li a.
Sahih Al-Bukhari (2/ 114) (1436).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 113) (123).
Plis (5)
المفهم (1/332).
شرح النووي على مسلم (2/140).
عمدة القاري شرح صحيح البخاري (22/ 96).
فتح الباري لابن حجر (3/ 302).
البحر المحيط الثجاج (3/499).