Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

5 of 477 cards

Clear filters
Lè yon sèvitè (yon kwayan) tonbe malad oswa li nan vwayaj, yo ekri pou li (menm rekonpans) pou zèv li te konn abitye fè lèl te lakay li epi lèl te an bòn sante a.
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.
Chak jwenti nan kò yon moun dwe fè yon charite chak jou solèy la leve: Si ou fè lapè ant 2moun, se yon charite. Si ou ede yon moun monte sou bèt li, oubyen ou edel chaje zafè li sou li, se yon lòmòn. Yon bon pawòl se yon lòmòn. Chak pa ou fè pou al nan lapriyè se yon lòmòn. Epi si ou retire yon bagay ki ka blese moun nan chemen an, se yon lòmòn
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Pou chak jwenti nan kò moun, gen yon charite li dwe bay chak jou solèy la leve: fè jistis ant de moun se yon charite, ede yon moun ak montir li, pouw edel monte sou li oswa pouw leve bagaj li mete sou li se yon charite, epi yon bon pawòl se yon charite, epi chak pa ou fè pou ale nan lapriyè se yon charite, epi retire sa ki nwizib sou wout la, se yon charite.»
Sahih Rapòte pa Al-Bukhari ak Muslim
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te fè yon prèch pou pèp la jou konkèt Lamèk la epi li te di: «O nou menm lèzòm! Allah retire nan mitan nou lògèy ak vante tèt ki te gen nan tan linyorans lan , kote moun yo tap vante tèt yo poutèt zansèt yo. Moun sou latè divize an 2 kategori sèlman: yon moun ki fè sa ki byen, ki gen krentif pou Allah epi ki gen anpil valè devan senyè toupwisan an ; ak yon moun ki mechan, ki malere (nan nanm li) epi ki san valè devan Allah .Tout moun se pitit Adan yo ye, epi Allah te kreye Adan ak pousyè. Senyè toupwisan an di: {O nou menm lèzòm! Nou te kreye nou soti nan yon sèl gason ak yon sèl fi, epi Nou te fè nou tounen divès pèp ak divès tribi pou nou ka fè konesans youn ak lòt. Anverite, moun ki pi nòb (ki gen plis valè) nan mitan nou devan Allah, se moun ki gen plis krentif pou Li. Anverite, Allah konn tout bagay, epi li konnen sa kap pase nèt ale.} [Al-Hujurat: 13]».
Sahih Rapòte pa At-Tirmidhi ak Ibn Hibban
« Relijyon an fasil. Nenpòt moun ki chèche rann li twò lou ap fini pa febli anbal. Donk, rete nan sa ki dwat, fè pi bon sa nou kapab, resevwa bon nouvèl la (rete ak kè kontan), epi pwofite moman nan maten, nan aprèmidi, ansanm ak yon ti pati nan lannwit pou nou fè adorasyon nou. »
Sahih Se Al-Boukari ki rapòte li.