Chak bwason ki ka soule moun se alkòl, epi chak bwason ki soule moun lèl bwèl entèdi. Nenpòt moun ki bwè alkòl nan lavi sa a, epi ki mouri pandan li te toujou ap bwè li san li pat repanti, li pap bwè l nan lavi dènye a (nan Paradi a).
Daprè Ibn Oumar (ke Allah satisfè avèk yo tou 2), li te di: Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:
«Tout bagay ki ka soule moun se bwason ki gen alkòl, epi tout bagay ki ka soule moun entèdi. Epi moun ki bwè bwason ki gen alkòl nan lavi sa a, epi li mouri pandan li dejwe ladan li san li pa repanti, li pap bwè li nan Lòt Mond nan.»
«كل مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وكل مُسْكِرٍ حرام، ومن شرِب الخمر في الدنيا فمات وهو يُدْمِنُهَا لَمْ يَتُبْ، لَمْ يَشْرَبْهَا في الآخرة».
Pwofèt la (se pou lapè ak benediksyon Allah kouvri li.) te esplike aklè ke tout sa ki twouble lespri a epi ki fè moun pèdi tèt li se alkòl epi se bagay ki ka soule moun, kit se yon bagay yo bwè, yo manje, yo rale nan nen, oswa lòt bagay ankò. Epi tout sa ki soule moun epi ki fè li pèdi tèt li, asireman Allah (Toupwisan ki gen Gran Majeste a) entèdi li epi Li defann li, kit se yon ti kras ou pran, oswa kit se anpil, Epi nenpòt moun ki konsome nenpòt kalite pami bagay sa yo ki ka soule moun (ki fè li pèdi tèt li), epi li kontinye ap konsome yo, epi li pa repanti pou sa jiskaske li mouri; li merite pinisyon Allah, kote lap entèdi pou li konsome yo nan Paradi a.
Rezon pou entèdiksyon alkòl la se paske li soule moun, konsa, tout sa ki soule moun, kèlkeswa kalite li ye a, li entèdi.
Allah (ki anwo nan syèl la) entèdi alkòl; poutèt gwo domaj ak dega li genyen ladan li.
Bwè diven nan Paradi fè pati plezi ki konplè ak bonè ki total la.
Moun ki pa anpeche tèt li bwè bwason ki gen alkòl nan lavi sa a, Allah ap entèdi li bwè li nan Paradi a, paske rekonpans lan chita sou menm kalite ak aksyon an.
Ankourajman pou moun prese repanti (Tawbah) pou peche yo anvan lanmò.
Sahih Al-Bukhari (7/ 104) (5575).
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (3/ 1587) (2003).
Plis (15)
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (8/ 519).
فتح ذي الجلال والاكرام بشرح بلوغ المرام.
لابن عثيمين (5/ 418).
توضِيحُ الأحكَامِ مِن بُلوُغ المَرَام.
للبسام (6/ 307).
معالم السنن.
وهو شرح سنن أبي داود.
للخطابي (4/ 264).
الفتح الرباني لترتيب مسند الإمام أحمد بن حنبل الشيباني.
للساعاتي (16/ 116).
فيض القدير شرح الجامع الصغير.
للمناوي (5/ 30).
مرقاة المفاتيح شرح مشكاة المصابيح.
لعلي القاري (6/ 2382).
Cited in books
6 BooksPlis (6)
- سؤال وجواب حول الإسلام«كُلُّ مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وَكُلُّ مُسْكِرٍ حَرَامٌ»
- قاموس الكبائر موسوعة الكبائر - المجموعة الأولى«كُلُّ مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وَكُلُّ مُسْكرٍ حَرَامٌ، وَمَنْ شَرِبَ الخَمْرَ فِي الدُّنْيَا فَمَاتَ وَهُوَ يُدْمِنُهَا وَلَمْ يَتُبْ، لَمْ يَشْرَبْهَا فِي الآخِرَةِ» [96].
- قاموس الكبائر«كُلُّ مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وَكُلُّ مُسْكرٍ حَرَامٌ، وَمَنْ شَرِبَ الخَمْرَ فِي الدُّنْيَا فَمَاتَ وَهُوَ يُدْمِنُهَا وَلَمْ يَتُبْ، لَمْ يَشْرَبْهَا فِي الآخِرَةِ» [96].
- كتاب تعليم المسلم الجديد«كُلُّ مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وَكُلُّ مُسْكِرٍ حَرَامٌ»
- مجموعة زاد الفقه (4)«كُلُّ مُسْكِرٍ خَمْرٌ، وكُلُّ مُسْكِرٍ حَرامٌ».
- محرمات استهان بها كثير من الناسكل مسكر خمر، وكل مسكر حرام