Skip to content
477 Hadiths

Encyclopedia of Prophetic Hadiths

Filter results

6 of 477 cards

Clear filters
Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn estènye, li te mete men li -oswa rad li- sou bouch li, epi li te bese -oubyen diminye- vwa li avèk li.
Sahih Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
Revelasyon te desann sou Mesaje Allah la (ke lapriyè ak lapè Allah sou li) lè li te gen karantan (40 an). Li te pase trèzan (13 an) nan lavil Lamèk, aprèsa li te resevwa lòd poul fè Ejira a. Kidonk, li te fè Ejira a poul ale nan lavil Medine, epi li te pase dizan (10 an) la. Aprèsa, li te mouri (ke lapriyè ak lapè Allah sou li).
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
O Manman Kwayan yo, enfòmem sou karaktè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di: Èske ou pa li Koran an? Mwen te di: Wi, li te di: Sètènman, karaktè Pwofèt Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se te Koran an.
Sahih Rapòte pa Mouslim nan yon hadith ki long
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse pa bò dwat nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, ak nan tout zafè li yo.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
«Demen, ma bay drapo sa a yon nonm Allah pral bay laviktwa pa mwayen li; li renmen Allah ak Mesaje Li a, epi Allah ak Mesaje Li a renmen l.» Moun yo te pase tout nwit lan ap diskite pou konnen kiyès nan yo ki ta pral resevwal, epi lè maten rive, yo tout te rasanble devan mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) ak espwa pou yo resevwal, men li mande: «Kote Ali pitit gason Abu Talib la?» Yo reponn li: «O Mesaje Allah zyel ap fèl mal», epi li di: «Voye chèche li»; lè yo mennen li, Mesaje Allah (lapè ak benediksyon sou li) mete yon ti krache nan zyel epi li priye pou li, sa ki te fè Ali geri nèt kòmsi li pat janm gen anyen, epi li remèt li drapo a; lè sa a Ali mande: «O Mesaje Allah , èske mwen dwe konbat yo jiskaske yo vin tankou nou?», Pwofèt la reponn li: «Avanse dousman jiskaske ou rive nan lakou yo, aprè sa envite yo vin nan Islam epi fè yo konnen sa Allah egzije nan men yo kòm devwa; paske, mwen sèmante sou non Allah si Allah ta gide yon sèl moun gras a ou, sa gen plis valè pou ou pase si ou ta posede pi bon kalite chamo wouj yo.»
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li
Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah rete sou li) te gen pi bon karaktè pami tout moun.
Sahih Tout moun tonbe dakò sou li