Vrèman vre, karaktè pwofèt Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah rete sou li) se te Koran an.
Saad bin Hicham bin Amir te di -lè li te antre kote Aicha (ke Allah satisfè avèk li)- :
O Manman Kwayan yo, enfòmem sou karaktè Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), li te di: Èske ou pa li Koran an? Mwen te di: Wi, li te di: Sètènman, karaktè Pwofèt Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) se te Koran an.
يَا أُمَّ الْمُؤْمِنِينَ، أَنْبِئِينِي عَنْ خُلُقِ رَسُولِ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ، قَالَتْ: أَلَسْتَ تَقْرَأُ الْقُرْآنَ؟ قُلْتُ: بَلَى، قَالَتْ: فَإِنَّ خُلُقَ نَبِيِّ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ كَانَ الْقُرْآنَ.
Yo te poze Manman Kwayan yo, Aicha a, (ke Allah satisfè avèk li), kesyon sou karaktè Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), epi li te reponn avèk yon pawòl konplè, epi li te refere moun ki tap poze kesyon an nan Koran Sen an ki rasanble tout kalite ki pafè yo, epi li te di: Li (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn fòme karaktè li avèk moralite Koran an, sa Koran an te kòmande a li te fèl, epi sa Koran an te entèdi a li te evitel, konsa karaktèl se te metel an pratik, rete nan limit li yo, adopte bon konpòtman libyo, epi tire leson nan egzanp li yo ak istwal yo.
Ankouraje moun pou yo pran Pwofèt la (Benediksyon ak lapè Allah kouvri li) kòm modèl pou swiv nan fason li te adopte moralite Koran an nan karaktè li.
Fè lwanj pou moralite Mesaje Allah a (ke lapè ak benediksyon Allah sou li), ak lefètke yo te soti nan sous revelasyon an.
Koran an se yon sous pou tout bèl kalite moral yo.
Moralite nan Islam nan anglobe tout relijyon an nèt, nan fè sa ki kòmande yo ak nan rete lwen sa ki entèdi yo.
Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 512) (746).
Plis (8)
بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.
لسليم الهلالي (3/ 308).
شرح رياض الصالحين.
لابن عثيمين (6/ 660).
نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.
لمصطفى الخن وغيره (2/ 1253).
كنوز رياض الصالحين.
لمجموعة من الباحثين (21/ 556).