Skip to content

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse pa bò dwat, nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, ak nan tout zafè li yo.

Bò kote Aicha, Manman Kwayan yo (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn renmen kòmanse pa bò dwat nan mete soulye li, nan penyen cheve li, nan pirifikasyon li, ak nan tout zafè li yo.

كَانَ النَّبِيُّ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ يُعْجِبُهُ التَّيَمُّنُ، فِي تَنَعُّلِهِ، وَتَرَجُّلِهِ، وَطُهُورِهِ، وَفِي شَأْنِهِ كُلِّهِ.

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah kouvri li) te renmen epi li te prefere kòmanse sou bò dwat nan zafè li yo ki merite onè, pami sa yo genyen: Li kòmanse ak pye dwat la lè lap mete soulye li, epi li kòmanse ak bò dwat la lè lap penyen cheve nan tèt li ak bab li, lè lap ranje yo epi mete lwil ladan yo, epi nan ablisyon li, li mete bò dwat la anvan bò gòch la pou 2 men yo ak 2 pye yo.

Pami benefis Hadith la

An-Nawawi te di: Sa a se yon règ kontinyèl nan lalwa relijye a, ki se kout sa ki gen rapò ak onè ak diyite—tankou mete rad, pantalon, ak soulye, antre nan moske a, sèvi ak siwak, mete kòl nan zye, koupe zong, taye moustach, penyen cheve, retire plim anba bra, raze tèt, fè salitasyon pou fini lapriyè a, lave manm yo pou pirifikasyon, sòti nan twalèt, manje, bwè, bay lanmen, touche Pyè Nwa a, ak lòt bagay ki nan menm sans lan—li rekòmande pou sèvi ak bò dwat la ladan yo. Tandiske sa ki opoze a—tankou antre nan twalèt, sòti nan moske a, mouche nen, netwaye kò a aprè bezwen, wete rad, pantalon, ak soulye, ak lòt bagay konsa—li rekòmande pou sèvi ak bò gòch la ladan yo, epi tout sa se poutèt diyite ak onè bò dwat la genyen.

«Li te renmen kòmanse ak bò dwat la», sa gen ladan l: kòmanse aksyon yo ak men dwat la, ak pye dwat la, ak bò dwat la, epi pran oswa bay bagay yo ak men dwat la.

An-Nawawi te di: Konnen ke pami pati nan ablisyon an genyen ki pa rekòmande pouw kòmanse ak bò dwat la ladan yo; ki se zòrèy yo, pla men yo, ak 2 bò figi yo, men pito yo dwe lave yo anmenmtan. Sepandan, si sa pa posib, tankou nan ka yon moun ki gen men li ampute(koupe ) oswa nan yon ka ki sanble ak sa; lap lave bò dwat la anvan.

Referans yo.

Sahih Al-Bukhari (1/ 45) (168).

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 226) (268).