Skip to content

Lè Mesaje Allah a, se pou lapè ak benediksyon Allah sou li, te konn estènye, li te mete men li oswa rad li sou bouch li, epi li te bese vwa li.

Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), li te di:

Lè Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te konn estènye, li te mete men li -oswa rad li- sou bouch li, epi li te bese -oubyen diminye- vwa li avèk li.

كان رسولُ الله صلى الله عليه وسلم إذا عَطَس وضَعَ يَدَه -أو ثوبَهُ- على فيهِ، وخَفَضَ -أو غضَّ- بها صوتَهُ.

Rapòte pa Abou Dawoud, At-Tirmidhi ak Ahmad.
Sahih
Esplikasyon an

Lè li (sallallahu alayhi wa sallam) te konn estènye: Premyèman: Li mete men li, oswa rad li sou bouch li; pou anyen pa soti nan bouch li oswa nan nen li ki ka deranje moun ki chita bò kote li a. Dezyèmman: Li bese vwa li epi li pa leve li.

Pami benefis Hadith la

Esplikasyon sou gidans li (lapè ak benediksyon Allah sou li) konsènan etènye, epi swiv egzanp li nan sa.

Li rekòmande pou mete rad oswa mouchwaw, oswa lòt bagay konsa, sou bouch li ak nen li lè li estènye, pou pa gen anyen ki soti nan li ki ka deranje moun ki chita bò kotel la.

Bese vwa a lè wap estènye se yon bagay yo mande, epi li fè pati pèfeksyon bon konpòtman (mannyè), ak pami pi bèl kalite moral yo.

Referans yo.

Sounna Abou Dawoud (7/ 375) (5029).

Sounna At-Tirmidhi (4/ 461) (2745).

Mousnad Ahmad (15/ 412) 9662).

Plis (9)

شرح رياض الصالحين.

لابن عثيمين (4/ 440).

تطريز رياض الصالحين.

لفيصل آل مبارك (ص528).

بهجة الناظرين.

لسليم الهلالي (2/ 149).

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 678).

كنوز رياض الصالحين لمجموعة من الباحثين (11/ 432).