Yo te mande Mesaje Allah a (ke benediksyon Allah ak kè poze sou li) kisa ki fè pifò moun antre nan Paradi a, li reponn: "Lakrentif pou Allah ak bon konpòtman."
Daprè Abou Hurayrah (ke Allah satisfè avèk li), li te di:
Yo te mande Mesaje Allah a, (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) sou sa ki plis fè moun antre nan Paradi a, li te di: "Lakrentif pou Allah ak bon moralite", epi yo te mandel sou sa ki plis fè moun antre nan Lanfè a, li te di: "Bouch la ak pati entim yo."
سُئِلَ رَسُولُ اللهِ صَلَّى اللهُ عَلَيْهِ وَسَلَّمَ عَنْ أَكْثَرِ مَا يُدْخِلُ النَّاسَ الْجَنَّةَ، فَقَالَ: «تَقْوَى اللهِ وَحُسْنُ الْخُلُقِ»، وَسُئِلَ عَنْ أَكْثَرِ مَا يُدْخِلُ النَّاسَ النَّارَ فَقَالَ: «الْفَمُ وَالْفَرْجُ».
Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te montre aklè ke pi gwo rezon ki fè antre nan Paradi se 2 rezon, men yo: Krentif pou Allah ak bon karaktè. Lakrentif pou Allah (taqwa): se lè ou mete yon pwoteksyon ant ou menm ak chatiman Allah a; sa fèt lè ou fè sa li kòmandew fè, epi ou evite sa li entèdiw fè. Epi bon konpòtman: se gen yon vizaj souriyan, fè byen, epi evite fè moun ditò. Epi pi gwo rezon ki fè moun antre nan Lanfè a se 2 bagay, men yo: Bouch la ak pati prive(entim) nan. Pami peche lang lan, gen manti, medizans, tripotay (kanni), ak lòt ankò. Epi pati prive a, pami peche li yo genyen: fònikasyon ak sodomi, ak lòt ankò.
Gen rezon ki fè moun antre nan Paradi a ki gen rapò ak Allah (ki gen tout pouvwa), pami yo gen: lakrentif pou Li; e gen lòt rezon ki gen rapò ak moun yo, pami yo gen: bon konpòtman.
Danje lang lan reprezante pou pwopriyetèl la, e li se youn nan rezon ki fè moun antre nan dife lanfè.
Danje dezi ki pa kontwole ak imoralite reprezante pou moun, e yo se pami rezon ki fè moun antre nan dife lanfè pi plis.
Sounna At-Tirmidhi (3/ 536) (2004).
Sounna Ibn Majah (5/ 318) (4246).
Mousnad Ahmad (13/ 287) (7907).
Plis (8)
توضيح الأحكام من بلوغ المرام.
للبسام (7/ 509).
منحة العلام في شرح بلوغ المرام.
لعبد الله الفوزان (10/ 369).
فتح ذي الجلال والإكرام.
لابن عثيمين (6/ 453).
سبل السلام بشرح بلوغ المرام.
للصنعاني (2/ 696).