Skip to content

2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou lavi li, nan kisa li te pasel ak sou konesans li, kisa li te fè ak li, ak sou richès li, ki kote li te jwenn li epi nan kisa li te depansel ak sou kò li, nan kisa li te itilizel.

Daprè Abu Barzah Al-Aslami (se pou Allah satisfè avè l), li di: Mesaje Allah a (se pou lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«2 pye yon sèvitè pap deplase nan Jou Jijman an jouk yo poze li kesyon sou lavi li, nan kisa li te pase li, ak sou konesans li, kisa li te fè ak li, ak sou byen li, ki kote li te jwenn li epi nan kisa li te depanse li, ak sou kò li, nan kisa li te itilize li».

«لَا تَزُولُ قَدَمَا عَبْدٍ يَوْمَ القِيَامَةِ حَتَّى يُسْأَلَ عَنْ عُمُرِهِ فِيمَا أَفْنَاهُ، وَعَنْ عِلْمِهِ فِيمَ فَعَلَ، وَعَنْ مَالِهِ مِنْ أَيْنَ اكْتَسَبَهُ وَفِيمَ أَنْفَقَهُ، وَعَنْ جِسْمِهِ فِيمَ أَبْلَاهُ».

Se At-Tirmidhi ki rapòte li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (sallallahu alayhi wa sallam) te fè konnen ke okenn pami moun yo pap kite kote yap rann kont lan nan Jou Jijman an pou ale nan Paradi oswa nan Lanfè, jouk yo poze li kesyon sou kèk bagay: Premye a: lavi li, nan kisa li te pase li epi viv li? Dezyèm pwen an se: konesans li, èske li te chache li pou Allah? Epi èske li te metel an pratik? Epi èske li te transmèt li bay moun ki meritel yo? Twazyèm nan: byen li, ki kote li te akeri li, èske se nan Halal oswa nan Haram? Epi nan kisa li te depanse li, èske se nan sa ki fè Allah plezi oswa nan sa ki fè Li fache? Katriyèm pwen an se: kò li, fòs li, lasante li ak jenès li, nan kisa li te izel epi itilize l?

Siyifikasyon mo yo

...:

Pami benefis Hadith la

Ankourajman pou pwofite lavi a nan sa ki fè Allah, Toupwisan an, plezi.

Byenfè Allah yo anpil sou sèvitè yo, epi lap poze sèvitè a kesyon sou byenfè li tap jwi yo, kidonk li dwe itilize byenfè Allah yo nan sa kap satisfè li.

Referans yo.

Sounna At-Tirmidhi (4/ 217) (2417).

Plis (5)

نزهة المتقين شرح رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (1/ 371).

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

لسليم الهلالي (1/ 478).

المعجم الوسيط (2/ 704).