Skip to content

Kenbe Koran sa a fèm (nan revize li regilyèman), paske mwen fè sèman sou non Sa ki kenbe nanm Mouhammad nan men li an, lap chape pi vit nan tèt nou pase jan yon chamo chape lè li mare nan kòd.

Daprè Abou Mousa al-Ash'ari (ke Allah satisfè ak li), Pwofèt la (ke lapè ak benediksyon Allah sou li) te di:

«Toujou pran swen pou nou repase Koran sa a, paske mwen sèmante sou Sila a ki gen nanm Muhammad nan men li an, li chape soti nan memwa pi vit pase chamo kap chape anba kòd ki mare yo a.»

«تَعَاهَدُوا هَذَا الْقُرْآنَ، فَوَالَّذِي نَفْسُ مُحَمَّدٍ بِيَدِهِ لَهُوَ أَشَدُّ تَفَلُّتًا مِنَ الْإِبِلِ فِي عُقُلِهَا».

Tout moun tonbe dakò sou li
Sahih
Esplikasyon an

Pwofèt la (lapè ak benediksyon Allah sou li) te bay lòd pou yo veye sou Koran an epi pou yo toujou li li, yon fason pou yon moun pa bliye li aprè li te fin kenbe li nan memwa li (nan pwatrin li). Epi li te mete aksan sou sa nan sèman li te fè a (lapè ak benediksyon Allah sou li), kote li di ke Koran an sove soti kite pwatrin moun pi fasil e pi vit pase chamo ki mare yo, ki se bèt yo mare ak yon kòd nan mitan pye yo: si moun nan veye sou yo, lap kenbe yo, epi si li lage yo, yap ale epi yap pèdi.

Pami benefis Hadith la

Si moun ki konnen Koran an pa kè a toujou ap resite li fwa aprè fwa, lap rete konsève nan kè li, sinon lap ale kite li epi lap bliye li.

Pami benefis ki genyen nan antretni lekti Coran an: rekonpans ak benediksyon, ak elevasyon degre yo nan Jou Rezirèksyon an.

Referans yo.

Sahih Mouslim (Liv Otantik Mouslim nan) (1/ 545) (791).

Plis (7)

بهجة الناظرين شرح رياض الصالحين.

تأليف سليم الهلالي (2/ 231).

رياض الصالحين من كلام سيد المرسلين (ص299) (1002).

شرح رياض الصالحين.

للشيخ محمد بن صالح العثيمين (4/ 657).

كنوز رياض الصالحين.

لمجموعة من الباحثين (13/ 5).